SlideShare a Scribd company logo
1 of 16
ENFÒMASYON NOU DWE KONNEN SOU
FÈY BAZILIK
Preparasyon: Òganizasyon PlantAyiti (OPA)
Organisation PlantAyiti (OPA)
Konsepsyon lakay
sou bazilik.
REZIME
Nan sosyete Ayisyèn nan, depi yon moun wè Bazilik ak pran
sant fèy sa, yo toujou di se bagay djab; Se bagay mal yo fè ak li,
se yon fèy yo pè anpil. Yo konn menm rive rache e boule plant
sa lè yo wè l nan jaden yo, sou baz sipèstisyon ak inyorans.
Anpil fwa yo pa menm chache konnen ki enpòtans ak vèti
plant sa genyen nan peyi a ak nan plizyè kote nan mond lan.
Dokiman sila se yon dokiman ki prepare nan lide pou OPA
pataje kèk ti kòzman sou plant sila a ake nou.
Organisation PlantAyiti (OPA)
Basoumen Nago
4-FASAD, OPA
Nou pwomotè kiltirèl, ak touris peyizan, nou se pwomotè konbitis
ayisyen...
Pwomotè sa ki bon lakay
Bay valè ak sa k fin devalorize, edikasyon pou jenn gason ak jenn
fanm sou enpòtans lakilti.
Objektif
Davidson P. David
OPA , SILEA INC
Organisation PlantAyiti (OPA)
Kisa Bazilik la ye?
Bazilik se yon zèb. Bazilik se yon plant.
Li sòti nan fanmi plant sa yo rele
Lamiaceæ.
Non syantifik Bazilik se Ocimum
basilicum. Bazilik se yon plant ki sòti
nan peyi Lejip (Afrik) ki gen yon vèti
mistik sakre, paske moun peyi sa yo te
konn sèvi avèk li pou fè travay mistik nan
yon epòk.
Organisation PlantAyiti (OPA)
MOFÒLOJI
Bazilik pa yon plant ki wo pase sa, li se yon
plant ki kout, anpil fwa li pouse nan jaden.
Nou kapab remake l atravè odè lap degaje yo,
paske li vrèman santi bon.
Organisation PlantAyiti (OPA)
Ou te okouran de sa?
PAFEN BASILIK Akoz sant li, anpil peyi itilize
plant sa pou yo fè pafen ak
lansan, tèlman yo admire sant li.
Yon gwo potansyèl nou rache
jete, e anpil nan nou pè itilize.
Organisation PlantAyiti (OPA)
Pou Vodouvi yo (Pitit Vodou) Bazilik se yon fèy ki gen anpil enpòtans,
paske li gen anpil gwo regleman ou ka fè avèk li tankou:
• Benyen moun
• Fè trètman maladi
• Fè beny chans
• Lave kay
• Fè lansan
• Fè poud santi bon
• Fè bon dlo santi bon
• Fè bon te
• Fè manje
• Mete nan kay pou santi bon
• Wouze lakou
• Rele Lwa
• Salye Lwa
• Fè dlo beni
• Fè rafrechi
Angwo li se yon plant ki inivèsèl pou vodou.
Kijan nou wè Bazilik nan Vodou?
Fèy Bazilik ak
Vodou
Organisation PlantAyiti (OPA)
• 3 grenn Sèl
• Yon gode dlo
• Florida
• 3 branch fèy Bazilik
Mete yo tranpe nan melanj sa pandan 5 minit
Ou ka itilize melanj sa pou dlo beni ak losyon.
Preparasyon dlo beni a baz fèy Bazilik:
Nan gastwonomi Ayisyen an (Manje Ayisyèn) yo sèvi
avèk li pou fè anpil bagay, tankou tranpe vyann, fè sòs
bazilik pou mete sou manje, fè salad, mete nan legim, Fè
dekorasyon pou mete nan pla, konsa tou yo konn fè
poud avèk li pou simen sou manje, yo konn melanje l ak
tomat pou fe salad, elatriye.
Men se pa sèlman isit an Ayiti yo sèvi avèk li, nan peyi
Chili ak Brezil ak kèk peyi an Ewop ak Azi yo itilize l
nan kizin yo a anpil pou yo manje, yo konn manje l ak
tomat ak lòt manje toujou.
Si w ap fè manje ak yon vyann ki gen sant fò anpil
tankou vyann kabrit oubyen vyann chat, nou ka mete
youn ou 3 branch fèy bazilik nan vyann nan lè w ap
toufe l. l ap desann sant lan sou plas.
Bazilik nan kizin ayisyen an
preparasyon dlo beni / bazilik anndan kizin.
Organisation PlantAyiti (OPA)
ENPÒTANS BAZILIK NAN MEDSIN TRADISYONÈL
Nan tradisyon ayisyen an, fèy ak vodou se kòkòt ak figawo, se sa k
fè li enpótan pou w konnen kijan yo itilize Bazilik nan medsin
tradisyonèl anba peristil ak kèk lót espas.
Organisation PlantAyiti (OPA)
BAZILIK ANNDAN MEDSIN TRADISYONÈL
Fèy nan bwa se baz Medsin Tradisyonèl Ayisyèn nan. Yo itilize
Bazilik ase souvan pou fè trètman maladi sa yo tankou: Doulè nan
lestomak, moun ki soufri gaz, ak endijesyon (moun ki pa ka dijere
manje byen). Vé nan vant, Tous, Lafyèv, Tèt fè mal, Enfèksyon nan
bouch ak nan gòj, Moun ki fè opresyon, Maladi kè, Kolestewòl, yo
konn bay moun Bwè li avèk siwo kann pou maladi pyè nan ren ak
moun ki fè pwostat. Si yon moun pa ka fè pitit ou ka manje ak bwè
Bazilik tou l ap ede w anpil ak pwoblèm pa ka fè timoun sa.
Men kijan nou ka fè kèk trètman ak Bazilik sou ansanm
maladi ki sot site la yo.
Si w ap touse anpil : W ap pran 3 branch fèy Bazilik w ap
kraze yo nan yon twal fen ki pwòp, epi pran ji a mete yon ti
dlo cho (tyèd) epi bwè l, nou ka bay nenpòt moun k ap touse
bwè l, timoun ka bwè l, li p ap deranje yo.
Pou moun ki soufri maladi lestomak fè mal yo:
N ap pran kèk fèy Bazilik blende l, l ap vin bay yon likid epi
pran ji a bwè l. Atansyon: Anpil doulè lestomak gen pou wè ak
pwoblèm endijesyon, sa vle di Bazilik bon pou pwoblèm sa
tou .
Bazilik bon pou moun ki renmen gen kè sote, ou dimwens
maladi kè, nou ka fè te dous avèk li pou nou bwè tou, sa ap ede
nou jere pwoblèm sa anpil. Sonje pa pran l souvan, 2 fwa pa
semenn sifi.
Bazilik bon pou moun k ap soufri avèk gwo doulè atwòs,
tankou: doulè avan oubyen aprè yon fi fin gen règ, Tèt fè mal,
Lafyèv, grip, moun ki pa ka respire byen (opresyon oubyen
sa nou rele asmatik la) Nou ka bouyi l epi fè te bwè l aprè sa
nap santi nou soulaje.
Organisation PlantAyiti (OPA)
Organisation
PlantAyiti
Nou se OPA
Organisation PlantAyiti (OPA)
Bazilik nan lavi entim nou
Si ou gen pwoblèm bann:
Pran 3 branch fèy Bazilik epi mete l tranpe ak yon ti Rhum,
bwè l. (Li ede nan kesyon fètilite tou li relache ògàn ki pèmèt
fanm fè pitit) toujou suiv prensip dòktè yo tou. Si nap swiv
yon trètman dòktè ba nou pa bwè l, paske fèy pa mache avèk
konprime.
Pou gason ki gen dechay fèb yo te sa ap ede nou ranfòse
espèmatozoyid nou, ki kòz enfètilite sa lakay nou tou.
Bazilik Se youn pami fèy antibyotik ki trè efikas e bon pou
moun ki fè enfèsyon nan poumon, enfeksyon vajinal elatriye.
Nou ka fè te avèk li pou n bwè, chak 2 a 3 fwa pa semèn.
Nb: Si w ansent pa bwè l paske li p ap bon pou ou.
Organisation PlantAyiti (OPA)
ITILIZE BAZILIK NAN CHEVE NOU:
Bazilik konbat chit cheve, li bay cheve briyans ak volim. Li
bon pou cheve a li ede yo rete bèl e soup pou yo pa kase, yo
konn mete l nan luil pou penyen moun.
Kijan yon fanm ka itilize l pou cheve?
W ap pran fèy Bazilik la, w ap mete fèy la bouyi tankou se yon te ou t
ap fè, epi ou kite l byen bouyi aprè sa ou ka itilize l chak lè w fin lave
cheve w, ou ka flite l nan po tèt ou chak 3 jou. Si nou fè sa cheve nou p
ap kase ankò nan mete pwodi chimik ladan k ap manje po tèt nou.
NB: Anpil pwodi cheve moun lòt peyi yo fè, yo fè yo ak baz Bazilik.
Organisation PlantAyiti (OPA)
LÒT ITILITE BAZILIK GENYEN
Gen de kote nan peyi a (Ayiti), yo konn melanje fèy
bazilik la ak poud kanèl epi bikabonat pou yo blanchi
dan. Yo pran bwòs dan, yo tranpe l nan pat epi yo
bwose bouch yo avèk li. Se teknik sa, yo konn
manniganse pou blanchi dan nan kèk pwovens nan
peyi a (Ayiti).
Atansyon: Organisation PlantAyiti pa rekòmande
sa. E si w ta deside eseye, pa fè sa chak jou.
Organisation PlantAyiti (OPA)
Nan dezyèm pati a, nou pral pale plis sou
Wanga ou ka fè ak Bazilik.
PWOCHEN ATIK SOU BAZILIK
Pa ezite kontakte nou, nou ap ede w konprann
chak atik nou pibliye.
POU KOMANTÈ AK SIGJESYON
Eskè w ap kontinye maltrete BAZILIK?
KISA OU APRANN?
Pa neglije anseye lòt moun sou enpòtans Bazilik
ak sa yo ka fè ak li.
ANSEYE LÒT MOUN
kisa ou te aprann nan premye pati sa?
Organisation PlantAyiti (OPA)
organisationplantayiti@gmail.com
Email:
Ou vle pale ak nou?
Organisation PlantAyiti (OPA)

More Related Content

Featured

Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie InsightsSocial Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
Kurio // The Social Media Age(ncy)
 
Good Stuff Happens in 1:1 Meetings: Why you need them and how to do them well
Good Stuff Happens in 1:1 Meetings: Why you need them and how to do them wellGood Stuff Happens in 1:1 Meetings: Why you need them and how to do them well
Good Stuff Happens in 1:1 Meetings: Why you need them and how to do them well
Saba Software
 

Featured (20)

Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)
Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)
Content Methodology: A Best Practices Report (Webinar)
 
How to Prepare For a Successful Job Search for 2024
How to Prepare For a Successful Job Search for 2024How to Prepare For a Successful Job Search for 2024
How to Prepare For a Successful Job Search for 2024
 
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie InsightsSocial Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
Social Media Marketing Trends 2024 // The Global Indie Insights
 
Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024
Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024
Trends In Paid Search: Navigating The Digital Landscape In 2024
 
5 Public speaking tips from TED - Visualized summary
5 Public speaking tips from TED - Visualized summary5 Public speaking tips from TED - Visualized summary
5 Public speaking tips from TED - Visualized summary
 
ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd
ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd
ChatGPT and the Future of Work - Clark Boyd
 
Getting into the tech field. what next
Getting into the tech field. what next Getting into the tech field. what next
Getting into the tech field. what next
 
Google's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search Intent
Google's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search IntentGoogle's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search Intent
Google's Just Not That Into You: Understanding Core Updates & Search Intent
 
How to have difficult conversations
How to have difficult conversations How to have difficult conversations
How to have difficult conversations
 
Introduction to Data Science
Introduction to Data ScienceIntroduction to Data Science
Introduction to Data Science
 
Time Management & Productivity - Best Practices
Time Management & Productivity -  Best PracticesTime Management & Productivity -  Best Practices
Time Management & Productivity - Best Practices
 
The six step guide to practical project management
The six step guide to practical project managementThe six step guide to practical project management
The six step guide to practical project management
 
Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...
Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...
Beginners Guide to TikTok for Search - Rachel Pearson - We are Tilt __ Bright...
 
Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...
Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...
Unlocking the Power of ChatGPT and AI in Testing - A Real-World Look, present...
 
12 Ways to Increase Your Influence at Work
12 Ways to Increase Your Influence at Work12 Ways to Increase Your Influence at Work
12 Ways to Increase Your Influence at Work
 
ChatGPT webinar slides
ChatGPT webinar slidesChatGPT webinar slides
ChatGPT webinar slides
 
More than Just Lines on a Map: Best Practices for U.S Bike Routes
More than Just Lines on a Map: Best Practices for U.S Bike RoutesMore than Just Lines on a Map: Best Practices for U.S Bike Routes
More than Just Lines on a Map: Best Practices for U.S Bike Routes
 
Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...
Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...
Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...
 
Barbie - Brand Strategy Presentation
Barbie - Brand Strategy PresentationBarbie - Brand Strategy Presentation
Barbie - Brand Strategy Presentation
 
Good Stuff Happens in 1:1 Meetings: Why you need them and how to do them well
Good Stuff Happens in 1:1 Meetings: Why you need them and how to do them wellGood Stuff Happens in 1:1 Meetings: Why you need them and how to do them well
Good Stuff Happens in 1:1 Meetings: Why you need them and how to do them well
 

Sa w dwe konnen sou bazilik

  • 1. ENFÒMASYON NOU DWE KONNEN SOU FÈY BAZILIK Preparasyon: Òganizasyon PlantAyiti (OPA) Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 2. Konsepsyon lakay sou bazilik. REZIME Nan sosyete Ayisyèn nan, depi yon moun wè Bazilik ak pran sant fèy sa, yo toujou di se bagay djab; Se bagay mal yo fè ak li, se yon fèy yo pè anpil. Yo konn menm rive rache e boule plant sa lè yo wè l nan jaden yo, sou baz sipèstisyon ak inyorans. Anpil fwa yo pa menm chache konnen ki enpòtans ak vèti plant sa genyen nan peyi a ak nan plizyè kote nan mond lan. Dokiman sila se yon dokiman ki prepare nan lide pou OPA pataje kèk ti kòzman sou plant sila a ake nou. Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 3. Basoumen Nago 4-FASAD, OPA Nou pwomotè kiltirèl, ak touris peyizan, nou se pwomotè konbitis ayisyen... Pwomotè sa ki bon lakay Bay valè ak sa k fin devalorize, edikasyon pou jenn gason ak jenn fanm sou enpòtans lakilti. Objektif Davidson P. David OPA , SILEA INC Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 4. Kisa Bazilik la ye? Bazilik se yon zèb. Bazilik se yon plant. Li sòti nan fanmi plant sa yo rele Lamiaceæ. Non syantifik Bazilik se Ocimum basilicum. Bazilik se yon plant ki sòti nan peyi Lejip (Afrik) ki gen yon vèti mistik sakre, paske moun peyi sa yo te konn sèvi avèk li pou fè travay mistik nan yon epòk. Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 5. MOFÒLOJI Bazilik pa yon plant ki wo pase sa, li se yon plant ki kout, anpil fwa li pouse nan jaden. Nou kapab remake l atravè odè lap degaje yo, paske li vrèman santi bon. Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 6. Ou te okouran de sa? PAFEN BASILIK Akoz sant li, anpil peyi itilize plant sa pou yo fè pafen ak lansan, tèlman yo admire sant li. Yon gwo potansyèl nou rache jete, e anpil nan nou pè itilize. Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 7. Pou Vodouvi yo (Pitit Vodou) Bazilik se yon fèy ki gen anpil enpòtans, paske li gen anpil gwo regleman ou ka fè avèk li tankou: • Benyen moun • Fè trètman maladi • Fè beny chans • Lave kay • Fè lansan • Fè poud santi bon • Fè bon dlo santi bon • Fè bon te • Fè manje • Mete nan kay pou santi bon • Wouze lakou • Rele Lwa • Salye Lwa • Fè dlo beni • Fè rafrechi Angwo li se yon plant ki inivèsèl pou vodou. Kijan nou wè Bazilik nan Vodou? Fèy Bazilik ak Vodou Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 8. • 3 grenn Sèl • Yon gode dlo • Florida • 3 branch fèy Bazilik Mete yo tranpe nan melanj sa pandan 5 minit Ou ka itilize melanj sa pou dlo beni ak losyon. Preparasyon dlo beni a baz fèy Bazilik: Nan gastwonomi Ayisyen an (Manje Ayisyèn) yo sèvi avèk li pou fè anpil bagay, tankou tranpe vyann, fè sòs bazilik pou mete sou manje, fè salad, mete nan legim, Fè dekorasyon pou mete nan pla, konsa tou yo konn fè poud avèk li pou simen sou manje, yo konn melanje l ak tomat pou fe salad, elatriye. Men se pa sèlman isit an Ayiti yo sèvi avèk li, nan peyi Chili ak Brezil ak kèk peyi an Ewop ak Azi yo itilize l nan kizin yo a anpil pou yo manje, yo konn manje l ak tomat ak lòt manje toujou. Si w ap fè manje ak yon vyann ki gen sant fò anpil tankou vyann kabrit oubyen vyann chat, nou ka mete youn ou 3 branch fèy bazilik nan vyann nan lè w ap toufe l. l ap desann sant lan sou plas. Bazilik nan kizin ayisyen an preparasyon dlo beni / bazilik anndan kizin. Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 9. ENPÒTANS BAZILIK NAN MEDSIN TRADISYONÈL Nan tradisyon ayisyen an, fèy ak vodou se kòkòt ak figawo, se sa k fè li enpótan pou w konnen kijan yo itilize Bazilik nan medsin tradisyonèl anba peristil ak kèk lót espas. Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 10. BAZILIK ANNDAN MEDSIN TRADISYONÈL Fèy nan bwa se baz Medsin Tradisyonèl Ayisyèn nan. Yo itilize Bazilik ase souvan pou fè trètman maladi sa yo tankou: Doulè nan lestomak, moun ki soufri gaz, ak endijesyon (moun ki pa ka dijere manje byen). Vé nan vant, Tous, Lafyèv, Tèt fè mal, Enfèksyon nan bouch ak nan gòj, Moun ki fè opresyon, Maladi kè, Kolestewòl, yo konn bay moun Bwè li avèk siwo kann pou maladi pyè nan ren ak moun ki fè pwostat. Si yon moun pa ka fè pitit ou ka manje ak bwè Bazilik tou l ap ede w anpil ak pwoblèm pa ka fè timoun sa. Men kijan nou ka fè kèk trètman ak Bazilik sou ansanm maladi ki sot site la yo. Si w ap touse anpil : W ap pran 3 branch fèy Bazilik w ap kraze yo nan yon twal fen ki pwòp, epi pran ji a mete yon ti dlo cho (tyèd) epi bwè l, nou ka bay nenpòt moun k ap touse bwè l, timoun ka bwè l, li p ap deranje yo. Pou moun ki soufri maladi lestomak fè mal yo: N ap pran kèk fèy Bazilik blende l, l ap vin bay yon likid epi pran ji a bwè l. Atansyon: Anpil doulè lestomak gen pou wè ak pwoblèm endijesyon, sa vle di Bazilik bon pou pwoblèm sa tou . Bazilik bon pou moun ki renmen gen kè sote, ou dimwens maladi kè, nou ka fè te dous avèk li pou nou bwè tou, sa ap ede nou jere pwoblèm sa anpil. Sonje pa pran l souvan, 2 fwa pa semenn sifi. Bazilik bon pou moun k ap soufri avèk gwo doulè atwòs, tankou: doulè avan oubyen aprè yon fi fin gen règ, Tèt fè mal, Lafyèv, grip, moun ki pa ka respire byen (opresyon oubyen sa nou rele asmatik la) Nou ka bouyi l epi fè te bwè l aprè sa nap santi nou soulaje. Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 12. Bazilik nan lavi entim nou Si ou gen pwoblèm bann: Pran 3 branch fèy Bazilik epi mete l tranpe ak yon ti Rhum, bwè l. (Li ede nan kesyon fètilite tou li relache ògàn ki pèmèt fanm fè pitit) toujou suiv prensip dòktè yo tou. Si nap swiv yon trètman dòktè ba nou pa bwè l, paske fèy pa mache avèk konprime. Pou gason ki gen dechay fèb yo te sa ap ede nou ranfòse espèmatozoyid nou, ki kòz enfètilite sa lakay nou tou. Bazilik Se youn pami fèy antibyotik ki trè efikas e bon pou moun ki fè enfèsyon nan poumon, enfeksyon vajinal elatriye. Nou ka fè te avèk li pou n bwè, chak 2 a 3 fwa pa semèn. Nb: Si w ansent pa bwè l paske li p ap bon pou ou. Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 13. ITILIZE BAZILIK NAN CHEVE NOU: Bazilik konbat chit cheve, li bay cheve briyans ak volim. Li bon pou cheve a li ede yo rete bèl e soup pou yo pa kase, yo konn mete l nan luil pou penyen moun. Kijan yon fanm ka itilize l pou cheve? W ap pran fèy Bazilik la, w ap mete fèy la bouyi tankou se yon te ou t ap fè, epi ou kite l byen bouyi aprè sa ou ka itilize l chak lè w fin lave cheve w, ou ka flite l nan po tèt ou chak 3 jou. Si nou fè sa cheve nou p ap kase ankò nan mete pwodi chimik ladan k ap manje po tèt nou. NB: Anpil pwodi cheve moun lòt peyi yo fè, yo fè yo ak baz Bazilik. Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 14. LÒT ITILITE BAZILIK GENYEN Gen de kote nan peyi a (Ayiti), yo konn melanje fèy bazilik la ak poud kanèl epi bikabonat pou yo blanchi dan. Yo pran bwòs dan, yo tranpe l nan pat epi yo bwose bouch yo avèk li. Se teknik sa, yo konn manniganse pou blanchi dan nan kèk pwovens nan peyi a (Ayiti). Atansyon: Organisation PlantAyiti pa rekòmande sa. E si w ta deside eseye, pa fè sa chak jou. Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 15. Nan dezyèm pati a, nou pral pale plis sou Wanga ou ka fè ak Bazilik. PWOCHEN ATIK SOU BAZILIK Pa ezite kontakte nou, nou ap ede w konprann chak atik nou pibliye. POU KOMANTÈ AK SIGJESYON Eskè w ap kontinye maltrete BAZILIK? KISA OU APRANN? Pa neglije anseye lòt moun sou enpòtans Bazilik ak sa yo ka fè ak li. ANSEYE LÒT MOUN kisa ou te aprann nan premye pati sa? Organisation PlantAyiti (OPA)
  • 16. organisationplantayiti@gmail.com Email: Ou vle pale ak nou? Organisation PlantAyiti (OPA)