KORIPSYON AK DEVLÒPMAN: KIJAN KORIPSYON AFEKTE LAVI NOU CHAK JOU.
#9DESANM, NAN KAD JOUNEN ENTÈNASYONAL LIT KONT KORIPSYON ANE 2018 LA, ASOSIYASYON SITWAYEN AYITI NOU VLE A NAN ASOSIYASYON AK LEKÒL, INIVÈSITE, LEGLIZ, LAKOU AK GWOUPMAN NAN KATYE POPILÈ YO LANSE YON JOUNEN SANSIBILIZASYON NAN TOUT PEYI A.
Ride the Storm: Navigating Through Unstable Periods / Katerina Rudko (Belka G...
#9desanm
1. A N V A
#9Novanm www.ayitinouvlea.orgAyitiNouVleA
2. 9 desanm 2018 se jounen entènasyonal lit kont koripsyon, pou fè konnen enpak
koripsyon sou lavi nou chak jou asanm ak konvansyon Loni sou sa.
Ane sa, asosiyasyon sitwayèn Ayiti Nou Vle A vle asosyse l ak inivèsite,
lekòl, legliz, lakou ak gwoupman sitwayen nan katye popilè yo pou lanse,
nan tout peyi a, yon gwo jounen sansibilizasyon sou zafè koripsyon an Ayiti.
Nou prevwa yon evènman 3 zèdtan ak yon Prezantasyon jeneral, Temwayaj
manm piblik la epi Diskisyon sou sa Leta ak sitwayen yo ka fè.
Jounen an ap fini sou lansman yon konkou chan, slam, pwezi, tèks, elt.
ONÈ!
APRANN PLIS
3. Depi byento 4 mwa, nan tout peyi a, n ap mande yon sèl kesyon
#KotKòbPetroCaribeA. Kesyon an kòmanse sou entènèt apre sa li pran lari a, sou
bilbòd, sou beton, nan kapital, nan pwovens, lavil, andeyò, isist, lòt bò dlo.
Kesyon sa kesyon sitwayen k ap mande kont sou koripsyon. Yon krim grav
ki anpeche devlòpman ekonomik ak sosyal peyi a. Yon fleyo pou nou batay
kont li, soti sou Leta ki dwe itilize lajan n pou l ba n sèvis nan transparans
rive sou timoun yo nou dwe elve ak prensip etik pase jwenn chak sitwayen
ki dwe sansibilize sou kisa koripsyon koute epi nesesite ki genyen pou
refize patisipe nan epi toujou denonse zak koripsyon.
A PWOPO
APRANN PLIS
4. Jounen an ap kòmanse ak yon prezantasyon jeneral kote n ap pale sou lit kont
koripsyon nan lemonn.
Loni genyen yon seri materèl yo prepare pou sa. Genyen tèks, flayè,
videyo. Se materyèl sa yo yo ANVA ap adapte pou prezantasyon sa ki pral
jwenn tout enstitisyon patnè yo sou fòm yon prezantasyon PowerPoint, 5
jou omwen avan dat la.
APRANN PLIS
PREZANTASYON
5. Temwayaj yo ap altène temwyaj moun ki nan espas kote deba yo ap fèt la
ak temwayaj videyo ANVA ap prepare voye ak prezantasyon an.
Lide a se fasilite moun pale sou jan koripsyon afekte lavi yo, enpak li fè sou
lavi yo pou tout moun ka sansibilize sou enpòtans pou batay san kanpe
kont koripsyon.
TEMWAYAJ
APRANN PLIS
6. Nan dènye pati jounen an, diskisyon yo ap sou kisa ki ka fèt pou kwape
koripsyon an Ayiti.
Nan brase lide sou #PetroCaibeChallenge lan
Nan brase lide sou sa Leta dwe fè
Nan brase lide sou sa yon sitwayen.èn ka fè
KISA K KA FÈT?
APRANN PLIS
7. Jounen an fini sou envitasyon pou tout patisipan yo patisipe nan yon
konkou chan, tèks ak imaj sou koripsyon, A pati premye janvye 2019, chak
semèn n ANVA ap mete pwodiskyon yo ovòt pou entènot yo deside kilès
yo pi renmen. Chak mwa nou ap remèt yon prim pou meyè pwodiksyon yo.
An janvye 2020, n ap remèt prim pou chanpyon ane a yo.
KONKOU
APRANN PLIS