SlideShare a Scribd company logo
1 of 28
Download to read offline
ResètAlmanak
Manje yo gou
hummm yo bon
Plop Plop 2014
Ekonomik
Rapid
Dirab
Pwòp
Li bèl, li modèn, li fasil a itilize e wa ka regle volim dife a.
L’ap edew ekonomize 100 goud chak semèn nan depans pou chabon.
Konsèy mwa a
Recho PlopPlop ou
an pè dlo! Toujou
kenbe’l sèch
JANVYE
6
13
20
27
1
8
15
22
29
2
9
16
23
30
3
10
17
24
31
Madi Jedi Vandredi Samdi
5
12
19
26
Lendi
4
11
18
25
Dimanch
7
14
21
28
Mèkredi
Indépendance d’Haïti
Les Aïeux
Preparasyon
Koupe joumou an fèl fè 4 moso, netwaye yo, lave yo, epi limen dife a sou pati ki gen fwaye mwayen an sou recho PloPlop doub la. Kite pòt recho a ouvè epi femenl
lè dlo a komanse bouyi pandan 20 minit. Pandan tan sa a koupe vyann nan an ti moso, lavel ak vinèg ak zoranj si epi chodel. Pile powo ak lay yo avèk sèl ak magi.
Vide epis ki nan pilon an sou vyann nan avèk ji zoranj si epi limen dife a sou ti fwaye recho doub la kite pòt la ouvè jiskaske li pran. Kitel bouyi jiskaske li kwit
(45 minit). Kale epi koupe an ti moso kawòt yo, pòm de tè yo, navè yo,bannann ak moso yanm nan. Netwaye chou a epi rapel. Kou joumou an kwit, retirel nan
chodyè a epi nan menm chodyè sa a mete kawòt la, bannann nan, yanm nan, pake seleri a, ak lozèy rache ak epina a, chou rape a, pèsi, magi avèk yon ti sèl. Kite
pòt recho a ouvè pou chodyè a ka byen bouyi epi fèmen l’aprè. Kraze joumou an. Kan legim soup yo fin bouyi mete pòm de tè a, pase joumou an nan paswa ak
dlo bouyi, ajoute makawoni ak vèmisèl yo tou, yon ti bè kizin, yon ti ji zoranj si sil merite epi mete vyann ki gentan kwit la tou. Kite tout bouyi pandan 20 minit.
Soup joumou an gentan pare pou moun manje, ou ka menm bwèl avèk yon ti pen si ou vle.
Soup Joumou
Recho Doub
(Kantite chabon): 1 mamit
(Kantite moun): 5
(Tan): 1 è 30 minit
Engredyan
1 joumou
3 liv vyan bèf
1 pake celeri, lozèy, epina
6 kawòt
1 chou
2 zorany si
1 pake pèsi ak ten
3 piman pike
1 gwo piman dous
2 gwo navè
1 moso yanm
2 bannann vèt
4 gwo powo
8 pòm de tè
1 pake makawoni
1 pake vèmisèl
10 dan lay
2 magi, vinèg, jiwòf, bè kizin, lwil
Konsèy mwa a
Se ou kap louvri ou
fèmen pòt recho a
pou jwenn valè chalè
wap bezwen
FEVRIYE
3
10
5
12
6
13
7
14
Madi Jedi Vandredi Samdi
2
9
Lendi
1
8
15
Dimanch
4
11
Mèkredi
17
24
19
26
20
27
21
28
16
23
2218
25
Preparasyon
Koupe vyann kochon an an plizyè moso, lavel avèk 6 zoranj si mete ti sèl sou li tou avèk enpe vinèg epi kitel repoze pandan kew pral prepare epis la. Pou epis yo,
wap pile yon pake jiwòf anvan apre sa wap mete 3 tèt lay yo avèk 10 pye powo, pile yo jiskaske ou melanje tout. Kounya limen dife a sou recho PlopPlop la, fòk
nou kite pòt recho a ouvè. Bouyi dlo ak vinèg pou nou lave vyann nan. Mete vyann nan nan yon chodyè, vide epis ki te pile a sou li avèk ji zoranj si, piman pike,
jiwòf epi mete chodyè a sou dife a kitel jiskaske vyann nan kwit.
Pou nou byen fri vyann nan, kite chodyè a byen cho epi mete lwil la ladann apre mete vyann nan, kitel nan lwil la jiskaske li vin gen koule jòn. Griyo kochon an
gentan pare. Ou ka sèvil avèk bannann peze oubyen diri peyi ak sòs piman.
Griyo kochon
Ti recho
(Kantite chabon): ¾ mamit	
(Kantite moun): 5
(Tan): 2 zè 30 minit
Engredyan
3 kg (6.5 liv) vyann kochon
10 zoranj si
3 tèt lay violèt
2 pake pèsi
10 powo
4 piman pike
1 gwo piman dous
4 magi
1.5 lit lwil doliv
2 ti pake jiwòf
Vinèg, sèl
Konsèy mwa a
Swa entelijan e
ekonomik,
pa janm plen
bol recho PlopPlop
la ak chabon
MAS
3
10
17
24
5
12
19
26
6
13
20
27
7
14
21
28
Madi Jedi Vandredi Samdi
2
9
16
23
Lendi
30 31
1
8
15
22
29
Dimanch
4
11
18
25
Mèkredi
Preparasyon
Lè wap netwaye lanbi a sèvi ak yon kouto pouw retire pati ki anbal la, tankou tèt la ak pati ki nwa a. Koupe lanbi an ti moso poul ka kwit pi vit. Lave lanbi a ak
zoranj si, epi rensel. Limen dife a, kite pòt recho PlopPlop la ouvè pouw ka gen ase chalè pou manje a ka kwit pi rapid. Lè dlo a komanse bouyi, fèmen pòt recho
a a demi epi kite lanbi a bouyi pandan 30 minit. Prepare epis yo kounya, pran yon pilon mete lay ak powo yo ladann epi pile yo (10 minit).
Apre lanbi a fin kwit, videl ak tout epis yo nan yon lòt veso epi kite yo melanje avèk ji zoranj si a ak ti dlo kite yo bouyi ak lanbi a, kitel fè 10 a 15 minit. Pouw
prepare sòs la, mete chodyè a sou dife a fèmen pòt recho a demi pouw ka gen mwens chalè, mete ti lwil nan chodyè a epi fri yon ti pat tomat ladann. Mete lanbi
a nan chodyè a ak tomat yo, sèvi ak yon paswa pouw vide dlo epis la. Apre sa mete pake pèsi ak piman pike ak jiwòf yo nan chodyè a. Nan anviwon 1 è 25 minit
lanbi ya gentan pare. Ou kapab sèvi lanbi a avèk bannann peze ak pikliz.					
Lanbi an sòs
Ti recho
(Kantite chabon): ½ mamit
(Kantite moun): 5
(Tan): 1 è 25 minit
Engredyan
1.3 kg (3 liv) lanbi fre
3 powo
1 pake ten ak pèsi
3 piman pike
1 gwo piman dous
4 zoranj si
9 dan lay
4 tomat ti joslin
2 zonyon
1 pake echalòt
Pat tomat
Lwil, vinèg, bè kizin, jiwòf, sèl
Konsèy mwa a
Felisitasyon!
PlopPlop pa’w
la ap edew sove
anpil pye bwa
chak lane
AVRIL
7
14
21
28
2
9
16
23
30
3
10
17
24
4
11
18
25
Madi Jedi Vandredi Samdi
6
13
20
27
Lendi
5
12
19
26
Dimanch
1
8
15
22
29
Mèkredi
Vendredi Saint
Dimanche Pâques
Preparasyon
Vide vinèg ak sèl sou pwason yo, sèvi ak yon kouto pou w retire kal ki sou pwason yo, epi lave yo ak zoranj si ak sitwon, melanje dan lay yo ak powo yo pile yo
nan yon pilon, vide epis la sou pwason yo mete dlo zoranj si sou yo tou. Kite yo tranpe pandan 15 minit pou epis la byen antre ladan yo. Limen dife a sou recho
PloPlop la epi pa bliye fèmen pòt recho a a demi aprel fin limen pouw pa gen twòp chale. Lè chodyè a cho vide lwil la ladann. Avèk yon paswa vide dlo epis la
nan chodyè a epi mete pwason yo ladann. Kite l bouyi pandan 25 minit. Koupe zonyon sou pla pwason an ki gentan pare pou moun manje. Ou kapab sèvil avèk
bannann peze oswa bouyi, avèk diri nasyonal e menm ak mayi blan jan ayisyen renmen dil la.
Pwason gwo sèl
Recho Mwayen
(Kantite chabon): ¼ mamit	
(Kantite moun): 10
(Tan): 1 è 45 minit
Engredyan
6 liv pwason fre
4 pye powo
1 pake pèsi ak ten
3 piman pike
1 gwo piman dous
3 zoranj si
2 zonyon
10 sitwon
15 dan lay
Lwil, bè kizin, jiwòf, vinèg, sèl
.
Konsèy mwa a
Wow, gade?
Ou pa wè lè w
kouvri chodyè a
li bouyi pi vit!
ME
5
12
19
26
7
14
21
28
1
8
15
22
29
2
9
16
23
30
Madi Jedi Vandredi Samdi
4
11
18
25
Lendi
3
10
17
24
31
Dimanch
6
13
20
27
Mèkredi
Fête du travail
Fête du drapeau
Preparasyon
Netwaye legim yo, lave yo, rense yo avek dlo pwòp epi dekoupe yo tikal pa tikal. Netwaye epis yo (lay, powo) apre sa pile yo nan yon pilon ansanm ak mori a.
Limen dife a nan yon ti recho PlopPlop avèk bwa pen kite pòt recho a ouvè. Mete lwil nan chodyè a, lè lwil la cho mete epis yo fri ladanl. Apresa mete yo ak pwa
frans, legim lan epi dlo kokoye graje a. Kite yo fri pandan 20 minit, mete 1200 g dlo ki egal a 1/4 galon dlo. Aprè dlo a fin bouyi mete diri a epi demi fèmen pòt
recho a, kitel bouyi jiskaske dlo a fin chèch nèt (pandant 35 minit), sèvi diri jadinyè a tou cho.
Diri jadinyè
Ti recho
(Kantite chabon): ¼ mamit
(Kantite moun): 6
(Tan): 70 minit
Engredyan
0.5 kg (0.5 mamit) diri Shela
500 g (2 ti mamit) pwa frans
1 tèt chou
4 grenn magi
4 ti tomat
3 piman pike
2 piman dous
2 pye powo
1 pake ten ak pèsi
400 g kreson
6 dan lay
3 kawòt
Yon moso mori
50 g bè kizin
200 g ji kokoye
400 g fèy epina
JEN
Konsèy mwa a
Recho PlopPlop
la pa bay lafimen
e li kenbe kwizin
nan pwòp
2
9
16
23
30
4
11
18
25
5
12
19
26
6
13
20
27
Madi Jedi Vandredi Samdi
1
8
15
22
29
Lendi
7
14
21
28
Dimanch
3
10
17
24
Mèkredi
Fête Dieu
Preparasyon
Melanje farin nan ak fig mi yo, mete bè a nan farin nan epi brase yo ansanm avèk menw. Bat jòn ze yo avèk zès sitwon yo ansanm apre sa videl nan farin nan. Byen
melanje kanèl, sik avèk lèt la avan nou vide yo nan farin nan. Byen mètri farin nan e fèl byen fen avèk yon woulo pou pat la ka byen elastik. Lè pat la fin byen
prepare koupe li an moso pouw fè kokiyòl yo. Limen dife a ak pòt recho a ouvè jiskaske lwil la byen cho apresa fèmen pòt recho PlopPlop la pou bese volim dife
a pou pèmèt kokiyòl la byen kwit. Fri pat la pandan 4 a 5 minit. Mete sik blan sou li kokiyòl la pare pou manje. 	
Kokiyòl
Ti recho
(Kantite chabon): ½ mamit	
(Kantite moun): 6
(Tan): 45 minit
Engredyan
3 fig mi
3 ze peyi
1 tas sik
1 baton bè
Enpe kanèl fen
0.5 lit lwil, sèl
2 bwat lèt konsantre
3 sitwon
.
Konsèy mwa a
Konbyen chabon
bwa ou sove
pandan wap itilize
recho PlopPlop pa’w
la mwa sa a?
JIYÈ
7
14
21
28
2
9
16
23
30
3
10
17
24
31
4
11
18
25
Madi Jedi Vandredi Samdi
6
13
20
27
Lendi
5
12
19
26
Dimanch
1
8
15
22
29
Mèkredi
Preparasyon
Limen dife a nan yon ti recho PlopPlop ak pòt la ouvè. Fè pwa a byen kwit nan yon chodyè oubyen yon kastwòl pandan 60 minit, ak pòt la demi fèmen depi li
kòmanse bouyi. Pandan se tan kòmanse pile epis. Kan pwa kwit vide li nan yon lòt veso epi remete chodyè a sou recho a ankό avèk lwil (pòt recho ouvè) mete
epis kite deja pile yo nan lwil cho a kite’l fri pandan 2 a 3 minit avan nou met pwa, ji kokoye a, jiwόf, magi, bè, pèsi ak ten.Kite fri pandan 5 minit apresa wouze’l
ak bouyon pwa a. Apre’l fin bouyi, byen lave mayi an epi metel nan dlo bouyi a, brase mayi a ak yon kiyè bwa pandan 5 premye minit yo apresa kouvri’l, demi
fèmen pòt recho a, epi kitel kwit ak yon tikal flanm pandan 40 minit. Manje a pare ka sèvi ak legim ou sόs pwason.
Mayi moulen ak pwa
Ti recho
(Kantite chabon): ¾ mamit
(Kantite moun): 6
(Tan): 1 e 40 minit
Engredyan
400 g (1.5 ti mamit) mayi moulen
150 g (0.5 ti mamit) pwa wouj
1 moso kokoye
1 pake ten ak pèsi
3 dan lay
2 magi
1 powo
Jiwòf, lwil doliv, bè pou kizin, sèl
.
Konsèy mwa a
Plastik pa bon pou
sante nou, pa janm
itilizel pou
limen dife
DAWOUT
4
11
18
25
6
13
20
27
7
14
21
28
1
8
15
22
29
Madi Jedi Vandredi Samdi
3
10
17
24
Lendi
31
2
9
16
23
30
Dimanch
5
12
19
26
Mèkredi
Assomption
Preparasyon
Limen dife a nan yon ti recho PlopPlop ak pòt la ouvri. Fè dlo a bouyi epi mete spageti a jiskaske yo kwit (8 a 9 minit) brase’l tanzantan pou yo pa kole ansanm.
Ou ka itilize yon paswa pou retire tout dlo nan spageti a anvan ou metel nan sòs la. Pou prepare sòs la, mete lwil nan chodyè a, epis yo byen pile ak moso mori yo,
epi brasel avèk bè kizin nan, fwomaj rache, pèsi ak ten. Kitel ramoli pou 5 minit apre sa mete spageti a nan chodyè a, bwasel ak epis yo pandan 5 minit epi kitel
pou anviwon 5 minit sou dife a. Spageti a deja pare.
			
Spageti
Recho Doub
(Kantite chabon): ¼ mamit
(Kantite moun): 6
(Tan): 25 minit
Engredyan
spageti
3 dan lay
2 magi
1 piman dous
2 piman pike
1 moso mori
1 moso fwomaj
1 pake ten ak pèsi
1 zonyon
Bè kizin
2 pye powo
2 tomat
3 ze peyi
.
Konsèy mwa a
Siw twò plen
chodyèw ak dlo li
pral tonbe sou
recho PlopPlop ou
an ki pè dlo
SEPTANM
1
8
15
22
29
3
10
17
24
4
11
18
25
5
12
19
26
Madi Jedi Vandredi Samdi
7
14
21
28
Lendi
6
13
20
27
Dimanch
2
9
16
23
30
Mèkredi
Preparasyon
Limen dife sou mwayen recho PloPlop doub la, kite pòt la ouvè answit mete 5 dl dlo nan yon chodyè pou mete tchaka a bouyi pandan 1 è de tan kite pòt la ouvri
jiskaske dlo a bouyi, lè dlo a kòmanse bouyi fèmen pòt recho PlopPlop la a demi. Pandan tan sa a koupe vyann nan, lavel ak vinèg, zoranj si, answit limen dife
nan plas piti recho PlopPlop doub la pou mete yon lit dlo bouyi pa bliye kite pòt recho a ouvè, vide dlo bouyi a sou vyann nan epi kite li degoute pandan 3 minit.
Koulye a netwaye lay yo ak powo yo, pile yo ansanm, mete nan chodyè a: asid sitwon an, ji zoranj si a, lwil la, epis la ak moso vyann yo ak vyann moulen an tranpe
pandan 10 minit nan moutad la mete pake ten ak pèsi a tou, apre sa mete chodyè a sou ti fwaye a epi fèmen pòt la kitel bouyi tou dousman ajoute ti dlo ladann sil
pa fin lage. Kanl fin lage metel nan Tchaka a. Lè tchaka fin fè 1 è de tan ap bouyi ajoute vyann nan, pois frans vèt la, kawòt la, militon an, epina ak tout lòt epis ki
te rete yo, pou fini kite li bouyi 45 minit ankò jiskaske tout bagay yo byen kwit ak yon ti dife. Donk Tchaka a gentan pare.
Tchaka Ayisyen
Recho Doub
(Kantite chabon): 1 è 1/2 mamit
(Kantite moun): 10
(Tan): 1 è 25 minit
Engredyan
1 gwo mamit mayi tchaka
1.6 kg oubyen 3.5 liv vyann bèf
700 g oubyen 1.5 liv vyann bèf
moulen
4 magi poul
2 ti pake epina
200 g (Yon ti mamit pwa tann)
6 kiyè lwil (kiyè yo manje)
1 pake ten ak pèsi
5 dan lay violèt
6 zoranj si
Sitwon
800 g oubyen 4 ti mamit pwa frans
vèt
4 mwayen kawòt
2 pye powo
3 piman pike vèt
2 gwo piman dous
1 grenn militon
Konsèy mwa a
Byen pran swen
recho PlopPlop
la, pa janm kitel nan
lapli oubyen kote ki
mouye
OKTÒB
6
13
20
27
1
8
15
22
29
2
9
16
23
30
3
10
17
24
31
Madi Jedi Vandredi Samdi
5
12
19
26
Lendi
4
11
18
25
Dimanch
7
14
21
28
Mèkredi
Mort de Dessalines
Preparasyon
Limen dife sou recho PloPlop mwayen an kite pòt la ouvè jiskaske dlo a bouyi, lè dlo a komanse bouyi demi fèmen pòt recho a. Koupe vyann kabrit la po ak tèt
la, lave yo avek vinèg, zoranj si ak sitwon, answit vide dlo bouyi a sou vyann nan epi kitel degoute pandan 2 minit. Koulye a koupe zonyon, pom de tè, kawòt ak
tomat la, apre sa pile lay la powo ak jenjanm nan ansanm. Mete nan chodyè a, asid sitwon an, ji zoranj si a, lwil la, epis la ak vyann kabrit la tranpe pandan 10
minit. Apre sa mete li sou dife pa bliye pandan ou mete chodyè a sou dife a pou mete zonyon an, kawòt la, pòm de tè a, pake ten ak pèsi a. Fèmen pòt recho a lè
chodyè a kòmanse bouyi epi kite li pandan 1 èd tan, pa bliye wouze vyann nan tanzantan pou li ka byen kwit sitou si vyann nan di.
Ragou kabrit
Recho Mwayen
(Kantite chabon): ¾ mamit
(Kantite moun): 10
(Tan): 1 è 25 minit
Engredyan
9.5 liv vyann kabrit (po melanje ak
tèt kabrit la)
1 ti echalòt
3 gwo piman dous
200 g (yon ti mamit pwa tann)
4 magi poul
8 mwayèn tomat peyi
4 kiyè lwil (kiyè yo manje)
6 zoranj si
4 zonyon
4 kawòt
Jenjanm
1 pake ten ak pèsi
Konsèy mwa a
Ak recho PlopPlop
wap ekonomize
anpil lajan nan
chabon pou achte
yon lòt recho
chak mwa
NOVANM
3
10
17
24
5
12
19
26
6
13
20
27
7
14
21
28
Madi Jedi Vandredi Samdi
2
9
16
23
Lendi
30
1
8
15
22
29
Dimanch
4
11
18
25
Mèkredi
La Toussaint
Fête des Morts
Bataille de vertières
Preparasyon
Limen dife sou ti recho PloPlop la, kite pòt la ouvè epi mete dlo nan yon kastwòl, mete pwa kongo a, powo ak dan lay yo kwit kite pòt la ouvri jiskaske pwa a bouyi,
lè sa a demi-fèmen pòt recho PlopPlop la kite li bouyi pandan 1è de tan. Pile yon pati nan pwa kwit la epi pasel nan paswa videl nan kastwòl la. Apre sa mete bè
kwizin nan, magi a, pake ten ak pèsi a, piman vèt ak piman dous la rache a. Lè pwa a prèske bon mete jenjanm dous la avèk yon ti kiyè. Kitel bouyi pandan 15
minit ak yon ti dife anbal jiskaske sòs pwa vin pwès. Limen dife sou mwayen recho PloPlop la kite pòt la ouvè, mete yon chodyè sou dife a kitel byen cho, vide 6
kiyè lwil, apre sa mete powo ak ti sèl fri pandan 10 segond apre sa vide dlo pou pitimi an. Depi dlo a bouyi mete pitimi an avèk yon ti bè epi fèmen pòt recho a
jiskaske li kwit. Sèvi sòs pwa a avèk pitimi an.
Pitimi ak sòs pwa kongo
Recho Doub
(Kantite chabon): 1 mamit
(Kantite moun): 10
(Tan): 1 è 45 minit
Engredyan
1800 g oubyen 3 ti mamit pitimi
1 ti pake echalòt
3 gwo piman dous
2 pye powo
2 magi poul
6 kiyè lwil (yo manje)
5 dan lay
1 gwo piman dous
3 kg oubyen yon gwo mamit pwa
kongo
3 magi poul
3 kg (1 gwo mamit) pwa kongo
2 piman pike vèt
Jenjanm
1 kiyè sik (kiyè yo manje)
3 pye powo
Konsèy mwa a
Gade recho
PlopPlop ou an
pwòp, toujou siye li
ak yon chifon ki pa
mouye
DESANM
1
8
15
22
29
3
10
17
24
31
4
11
18
25
5
12
19
26
Madi Jedi Vandredi Samdi
7
14
21
28
Lendi
6
13
20
27
Dimanch
2
9
16
23
30
Mèkredi
Jour de Noël
Preparasyon
Limen dife a nan ti recho PlopPlop la kite pòt la ouvè, mete 3 lit dlo bouyi. Koupe gòj poul la epi rantre l’nan dlo bouyi a epi retirel pou li ka deplimen pi fasil, fè
sa jiskaske poul la fin deplimen nèt. Epi flanbe l’ak yon moso papye. Apre sa lavel ak yon zoranj si, rensel epi kòmanse pa koupe pat yo, kwis yo, zèl yo. Netwaye
tèt la ak tout lòt pati yo. Sa ki pa bon yo jete yo, epi fann kò poul la an 2 retire kè a, fwa a ak jizye a. Lave tout ak zoranj si. Mete yon lit dlo bouyi epi videl sou
poul la nan chodyè a pouw kapab chodel. Apre sa mete epis pile yo avèk yon ti lwil, ten ak pèsi, moso poul yo avèk yon ti zoranj si. Kitel tranpe kèlke minit, metel
sou dife epi fèmen pòt la. Kitel bouyi tou dousman pandan 45 minit. Retire poul la nan chodyè a epi fri yo nan lwil pòm de tè a ak bannann koupe yo. Kite pòt
recho a ouvè. Kou tout pare sèvi yo ak vyann nan ak pikliz.
Poul peyi
Ti recho
(Kantite chabon): ½ mamit
(Kantite moun): 5
(Tan): 1 è 35 minit
Engredyan
1 poul peyi (1.5 kg)
1 zoranj si
5 sitwon mi
4 pye powo
1 tèt lay
3 piman pike vèt
1 piman dous
1 pake ten ak pèsi
Zonyon, tomat, pikliz
Magi poul
Pòm de tè
LIFELINE
Manje pwòp pou lavi
Pi bon gou - maje a fèt pi vit
Recho a ekonomize anpil chabon
e: haiti@lifelinefund.org - t: +509 3638 0915
Facebook: facebook.com/RechoPlopPlopPlus
Yon gran mèsi ak tout moun ki te rann pwojè sa a posib
Oswalda Saint-Victor, Leonne Seizeme, Dagena Casseus,
Guerline Pierre, Lunique Hilaire, Leslie G. Nerette
photosby:RaffaellaBellanca-designedby:deborahterry-cookwareproducedby:HaitiMetal

More Related Content

Viewers also liked

Docent vertelt over gebruik van Stercollecties: Arnoud de Jong van het Moller...
Docent vertelt over gebruik van Stercollecties: Arnoud de Jong van het Moller...Docent vertelt over gebruik van Stercollecties: Arnoud de Jong van het Moller...
Docent vertelt over gebruik van Stercollecties: Arnoud de Jong van het Moller...Stichting VO-content
 
Android Os
Android OsAndroid Os
Android OsTaufik00
 
Strategy notebook nr
Strategy notebook nrStrategy notebook nr
Strategy notebook nrpowchak
 
Il parco della vallata dell’Asola definitiva
Il parco della vallata dell’Asola definitivaIl parco della vallata dell’Asola definitiva
Il parco della vallata dell’Asola definitivafutura2014
 
Bz earn plan marketing
Bz earn plan marketingBz earn plan marketing
Bz earn plan marketingMohd Ali Fahmi
 
Rene Barrientos - El Teatro, Literatura - Paula patzi
Rene Barrientos - El Teatro, Literatura   - Paula patzi  Rene Barrientos - El Teatro, Literatura   - Paula patzi
Rene Barrientos - El Teatro, Literatura - Paula patzi funlapaz
 
ESSAI : Siswa Hamil harus Dikeluarkan dari Sekolah (KONTRA)
ESSAI : Siswa Hamil harus Dikeluarkan dari Sekolah (KONTRA)ESSAI : Siswa Hamil harus Dikeluarkan dari Sekolah (KONTRA)
ESSAI : Siswa Hamil harus Dikeluarkan dari Sekolah (KONTRA)Hadika Kresna
 
новинки детских книг
новинки детских книгновинки детских книг
новинки детских книгSvetlana Goreva
 
Pensamientos para pensar v
Pensamientos para pensar vPensamientos para pensar v
Pensamientos para pensar vEnrique
 

Viewers also liked (20)

Gadgets
GadgetsGadgets
Gadgets
 
Docent vertelt over gebruik van Stercollecties: Arnoud de Jong van het Moller...
Docent vertelt over gebruik van Stercollecties: Arnoud de Jong van het Moller...Docent vertelt over gebruik van Stercollecties: Arnoud de Jong van het Moller...
Docent vertelt over gebruik van Stercollecties: Arnoud de Jong van het Moller...
 
Android Os
Android OsAndroid Os
Android Os
 
01
0101
01
 
6 fen teknoloji
6 fen teknoloji6 fen teknoloji
6 fen teknoloji
 
Strategy notebook nr
Strategy notebook nrStrategy notebook nr
Strategy notebook nr
 
Λίμνες ποτάμια βουνά της γης
Λίμνες ποτάμια βουνά της γηςΛίμνες ποτάμια βουνά της γης
Λίμνες ποτάμια βουνά της γης
 
Grécia
GréciaGrécia
Grécia
 
5 fen teknoloji
5 fen teknoloji5 fen teknoloji
5 fen teknoloji
 
4.
4.4.
4.
 
Observasi
ObservasiObservasi
Observasi
 
Il parco della vallata dell’Asola definitiva
Il parco della vallata dell’Asola definitivaIl parco della vallata dell’Asola definitiva
Il parco della vallata dell’Asola definitiva
 
Oficina do tangram
Oficina do tangramOficina do tangram
Oficina do tangram
 
Bz earn plan marketing
Bz earn plan marketingBz earn plan marketing
Bz earn plan marketing
 
Rene Barrientos - El Teatro, Literatura - Paula patzi
Rene Barrientos - El Teatro, Literatura   - Paula patzi  Rene Barrientos - El Teatro, Literatura   - Paula patzi
Rene Barrientos - El Teatro, Literatura - Paula patzi
 
Enf mm a14
Enf mm a14Enf mm a14
Enf mm a14
 
ESSAI : Siswa Hamil harus Dikeluarkan dari Sekolah (KONTRA)
ESSAI : Siswa Hamil harus Dikeluarkan dari Sekolah (KONTRA)ESSAI : Siswa Hamil harus Dikeluarkan dari Sekolah (KONTRA)
ESSAI : Siswa Hamil harus Dikeluarkan dari Sekolah (KONTRA)
 
новинки детских книг
новинки детских книгновинки детских книг
новинки детских книг
 
Rebranding ms
Rebranding msRebranding ms
Rebranding ms
 
Pensamientos para pensar v
Pensamientos para pensar vPensamientos para pensar v
Pensamientos para pensar v
 

Calendar of Creole Recipes - Haiti 2014

  • 1. ResètAlmanak Manje yo gou hummm yo bon Plop Plop 2014
  • 2.
  • 3. Ekonomik Rapid Dirab Pwòp Li bèl, li modèn, li fasil a itilize e wa ka regle volim dife a. L’ap edew ekonomize 100 goud chak semèn nan depans pou chabon.
  • 4. Konsèy mwa a Recho PlopPlop ou an pè dlo! Toujou kenbe’l sèch JANVYE 6 13 20 27 1 8 15 22 29 2 9 16 23 30 3 10 17 24 31 Madi Jedi Vandredi Samdi 5 12 19 26 Lendi 4 11 18 25 Dimanch 7 14 21 28 Mèkredi Indépendance d’Haïti Les Aïeux
  • 5. Preparasyon Koupe joumou an fèl fè 4 moso, netwaye yo, lave yo, epi limen dife a sou pati ki gen fwaye mwayen an sou recho PloPlop doub la. Kite pòt recho a ouvè epi femenl lè dlo a komanse bouyi pandan 20 minit. Pandan tan sa a koupe vyann nan an ti moso, lavel ak vinèg ak zoranj si epi chodel. Pile powo ak lay yo avèk sèl ak magi. Vide epis ki nan pilon an sou vyann nan avèk ji zoranj si epi limen dife a sou ti fwaye recho doub la kite pòt la ouvè jiskaske li pran. Kitel bouyi jiskaske li kwit (45 minit). Kale epi koupe an ti moso kawòt yo, pòm de tè yo, navè yo,bannann ak moso yanm nan. Netwaye chou a epi rapel. Kou joumou an kwit, retirel nan chodyè a epi nan menm chodyè sa a mete kawòt la, bannann nan, yanm nan, pake seleri a, ak lozèy rache ak epina a, chou rape a, pèsi, magi avèk yon ti sèl. Kite pòt recho a ouvè pou chodyè a ka byen bouyi epi fèmen l’aprè. Kraze joumou an. Kan legim soup yo fin bouyi mete pòm de tè a, pase joumou an nan paswa ak dlo bouyi, ajoute makawoni ak vèmisèl yo tou, yon ti bè kizin, yon ti ji zoranj si sil merite epi mete vyann ki gentan kwit la tou. Kite tout bouyi pandan 20 minit. Soup joumou an gentan pare pou moun manje, ou ka menm bwèl avèk yon ti pen si ou vle. Soup Joumou Recho Doub (Kantite chabon): 1 mamit (Kantite moun): 5 (Tan): 1 è 30 minit Engredyan 1 joumou 3 liv vyan bèf 1 pake celeri, lozèy, epina 6 kawòt 1 chou 2 zorany si 1 pake pèsi ak ten 3 piman pike 1 gwo piman dous 2 gwo navè 1 moso yanm 2 bannann vèt 4 gwo powo 8 pòm de tè 1 pake makawoni 1 pake vèmisèl 10 dan lay 2 magi, vinèg, jiwòf, bè kizin, lwil
  • 6. Konsèy mwa a Se ou kap louvri ou fèmen pòt recho a pou jwenn valè chalè wap bezwen FEVRIYE 3 10 5 12 6 13 7 14 Madi Jedi Vandredi Samdi 2 9 Lendi 1 8 15 Dimanch 4 11 Mèkredi 17 24 19 26 20 27 21 28 16 23 2218 25
  • 7. Preparasyon Koupe vyann kochon an an plizyè moso, lavel avèk 6 zoranj si mete ti sèl sou li tou avèk enpe vinèg epi kitel repoze pandan kew pral prepare epis la. Pou epis yo, wap pile yon pake jiwòf anvan apre sa wap mete 3 tèt lay yo avèk 10 pye powo, pile yo jiskaske ou melanje tout. Kounya limen dife a sou recho PlopPlop la, fòk nou kite pòt recho a ouvè. Bouyi dlo ak vinèg pou nou lave vyann nan. Mete vyann nan nan yon chodyè, vide epis ki te pile a sou li avèk ji zoranj si, piman pike, jiwòf epi mete chodyè a sou dife a kitel jiskaske vyann nan kwit. Pou nou byen fri vyann nan, kite chodyè a byen cho epi mete lwil la ladann apre mete vyann nan, kitel nan lwil la jiskaske li vin gen koule jòn. Griyo kochon an gentan pare. Ou ka sèvil avèk bannann peze oubyen diri peyi ak sòs piman. Griyo kochon Ti recho (Kantite chabon): ¾ mamit (Kantite moun): 5 (Tan): 2 zè 30 minit Engredyan 3 kg (6.5 liv) vyann kochon 10 zoranj si 3 tèt lay violèt 2 pake pèsi 10 powo 4 piman pike 1 gwo piman dous 4 magi 1.5 lit lwil doliv 2 ti pake jiwòf Vinèg, sèl
  • 8. Konsèy mwa a Swa entelijan e ekonomik, pa janm plen bol recho PlopPlop la ak chabon MAS 3 10 17 24 5 12 19 26 6 13 20 27 7 14 21 28 Madi Jedi Vandredi Samdi 2 9 16 23 Lendi 30 31 1 8 15 22 29 Dimanch 4 11 18 25 Mèkredi
  • 9. Preparasyon Lè wap netwaye lanbi a sèvi ak yon kouto pouw retire pati ki anbal la, tankou tèt la ak pati ki nwa a. Koupe lanbi an ti moso poul ka kwit pi vit. Lave lanbi a ak zoranj si, epi rensel. Limen dife a, kite pòt recho PlopPlop la ouvè pouw ka gen ase chalè pou manje a ka kwit pi rapid. Lè dlo a komanse bouyi, fèmen pòt recho a a demi epi kite lanbi a bouyi pandan 30 minit. Prepare epis yo kounya, pran yon pilon mete lay ak powo yo ladann epi pile yo (10 minit). Apre lanbi a fin kwit, videl ak tout epis yo nan yon lòt veso epi kite yo melanje avèk ji zoranj si a ak ti dlo kite yo bouyi ak lanbi a, kitel fè 10 a 15 minit. Pouw prepare sòs la, mete chodyè a sou dife a fèmen pòt recho a demi pouw ka gen mwens chalè, mete ti lwil nan chodyè a epi fri yon ti pat tomat ladann. Mete lanbi a nan chodyè a ak tomat yo, sèvi ak yon paswa pouw vide dlo epis la. Apre sa mete pake pèsi ak piman pike ak jiwòf yo nan chodyè a. Nan anviwon 1 è 25 minit lanbi ya gentan pare. Ou kapab sèvi lanbi a avèk bannann peze ak pikliz. Lanbi an sòs Ti recho (Kantite chabon): ½ mamit (Kantite moun): 5 (Tan): 1 è 25 minit Engredyan 1.3 kg (3 liv) lanbi fre 3 powo 1 pake ten ak pèsi 3 piman pike 1 gwo piman dous 4 zoranj si 9 dan lay 4 tomat ti joslin 2 zonyon 1 pake echalòt Pat tomat Lwil, vinèg, bè kizin, jiwòf, sèl
  • 10. Konsèy mwa a Felisitasyon! PlopPlop pa’w la ap edew sove anpil pye bwa chak lane AVRIL 7 14 21 28 2 9 16 23 30 3 10 17 24 4 11 18 25 Madi Jedi Vandredi Samdi 6 13 20 27 Lendi 5 12 19 26 Dimanch 1 8 15 22 29 Mèkredi Vendredi Saint Dimanche Pâques
  • 11. Preparasyon Vide vinèg ak sèl sou pwason yo, sèvi ak yon kouto pou w retire kal ki sou pwason yo, epi lave yo ak zoranj si ak sitwon, melanje dan lay yo ak powo yo pile yo nan yon pilon, vide epis la sou pwason yo mete dlo zoranj si sou yo tou. Kite yo tranpe pandan 15 minit pou epis la byen antre ladan yo. Limen dife a sou recho PloPlop la epi pa bliye fèmen pòt recho a a demi aprel fin limen pouw pa gen twòp chale. Lè chodyè a cho vide lwil la ladann. Avèk yon paswa vide dlo epis la nan chodyè a epi mete pwason yo ladann. Kite l bouyi pandan 25 minit. Koupe zonyon sou pla pwason an ki gentan pare pou moun manje. Ou kapab sèvil avèk bannann peze oswa bouyi, avèk diri nasyonal e menm ak mayi blan jan ayisyen renmen dil la. Pwason gwo sèl Recho Mwayen (Kantite chabon): ¼ mamit (Kantite moun): 10 (Tan): 1 è 45 minit Engredyan 6 liv pwason fre 4 pye powo 1 pake pèsi ak ten 3 piman pike 1 gwo piman dous 3 zoranj si 2 zonyon 10 sitwon 15 dan lay Lwil, bè kizin, jiwòf, vinèg, sèl .
  • 12. Konsèy mwa a Wow, gade? Ou pa wè lè w kouvri chodyè a li bouyi pi vit! ME 5 12 19 26 7 14 21 28 1 8 15 22 29 2 9 16 23 30 Madi Jedi Vandredi Samdi 4 11 18 25 Lendi 3 10 17 24 31 Dimanch 6 13 20 27 Mèkredi Fête du travail Fête du drapeau
  • 13. Preparasyon Netwaye legim yo, lave yo, rense yo avek dlo pwòp epi dekoupe yo tikal pa tikal. Netwaye epis yo (lay, powo) apre sa pile yo nan yon pilon ansanm ak mori a. Limen dife a nan yon ti recho PlopPlop avèk bwa pen kite pòt recho a ouvè. Mete lwil nan chodyè a, lè lwil la cho mete epis yo fri ladanl. Apresa mete yo ak pwa frans, legim lan epi dlo kokoye graje a. Kite yo fri pandan 20 minit, mete 1200 g dlo ki egal a 1/4 galon dlo. Aprè dlo a fin bouyi mete diri a epi demi fèmen pòt recho a, kitel bouyi jiskaske dlo a fin chèch nèt (pandant 35 minit), sèvi diri jadinyè a tou cho. Diri jadinyè Ti recho (Kantite chabon): ¼ mamit (Kantite moun): 6 (Tan): 70 minit Engredyan 0.5 kg (0.5 mamit) diri Shela 500 g (2 ti mamit) pwa frans 1 tèt chou 4 grenn magi 4 ti tomat 3 piman pike 2 piman dous 2 pye powo 1 pake ten ak pèsi 400 g kreson 6 dan lay 3 kawòt Yon moso mori 50 g bè kizin 200 g ji kokoye 400 g fèy epina
  • 14. JEN Konsèy mwa a Recho PlopPlop la pa bay lafimen e li kenbe kwizin nan pwòp 2 9 16 23 30 4 11 18 25 5 12 19 26 6 13 20 27 Madi Jedi Vandredi Samdi 1 8 15 22 29 Lendi 7 14 21 28 Dimanch 3 10 17 24 Mèkredi Fête Dieu
  • 15. Preparasyon Melanje farin nan ak fig mi yo, mete bè a nan farin nan epi brase yo ansanm avèk menw. Bat jòn ze yo avèk zès sitwon yo ansanm apre sa videl nan farin nan. Byen melanje kanèl, sik avèk lèt la avan nou vide yo nan farin nan. Byen mètri farin nan e fèl byen fen avèk yon woulo pou pat la ka byen elastik. Lè pat la fin byen prepare koupe li an moso pouw fè kokiyòl yo. Limen dife a ak pòt recho a ouvè jiskaske lwil la byen cho apresa fèmen pòt recho PlopPlop la pou bese volim dife a pou pèmèt kokiyòl la byen kwit. Fri pat la pandan 4 a 5 minit. Mete sik blan sou li kokiyòl la pare pou manje. Kokiyòl Ti recho (Kantite chabon): ½ mamit (Kantite moun): 6 (Tan): 45 minit Engredyan 3 fig mi 3 ze peyi 1 tas sik 1 baton bè Enpe kanèl fen 0.5 lit lwil, sèl 2 bwat lèt konsantre 3 sitwon .
  • 16. Konsèy mwa a Konbyen chabon bwa ou sove pandan wap itilize recho PlopPlop pa’w la mwa sa a? JIYÈ 7 14 21 28 2 9 16 23 30 3 10 17 24 31 4 11 18 25 Madi Jedi Vandredi Samdi 6 13 20 27 Lendi 5 12 19 26 Dimanch 1 8 15 22 29 Mèkredi
  • 17. Preparasyon Limen dife a nan yon ti recho PlopPlop ak pòt la ouvè. Fè pwa a byen kwit nan yon chodyè oubyen yon kastwòl pandan 60 minit, ak pòt la demi fèmen depi li kòmanse bouyi. Pandan se tan kòmanse pile epis. Kan pwa kwit vide li nan yon lòt veso epi remete chodyè a sou recho a ankό avèk lwil (pòt recho ouvè) mete epis kite deja pile yo nan lwil cho a kite’l fri pandan 2 a 3 minit avan nou met pwa, ji kokoye a, jiwόf, magi, bè, pèsi ak ten.Kite fri pandan 5 minit apresa wouze’l ak bouyon pwa a. Apre’l fin bouyi, byen lave mayi an epi metel nan dlo bouyi a, brase mayi a ak yon kiyè bwa pandan 5 premye minit yo apresa kouvri’l, demi fèmen pòt recho a, epi kitel kwit ak yon tikal flanm pandan 40 minit. Manje a pare ka sèvi ak legim ou sόs pwason. Mayi moulen ak pwa Ti recho (Kantite chabon): ¾ mamit (Kantite moun): 6 (Tan): 1 e 40 minit Engredyan 400 g (1.5 ti mamit) mayi moulen 150 g (0.5 ti mamit) pwa wouj 1 moso kokoye 1 pake ten ak pèsi 3 dan lay 2 magi 1 powo Jiwòf, lwil doliv, bè pou kizin, sèl .
  • 18. Konsèy mwa a Plastik pa bon pou sante nou, pa janm itilizel pou limen dife DAWOUT 4 11 18 25 6 13 20 27 7 14 21 28 1 8 15 22 29 Madi Jedi Vandredi Samdi 3 10 17 24 Lendi 31 2 9 16 23 30 Dimanch 5 12 19 26 Mèkredi Assomption
  • 19. Preparasyon Limen dife a nan yon ti recho PlopPlop ak pòt la ouvri. Fè dlo a bouyi epi mete spageti a jiskaske yo kwit (8 a 9 minit) brase’l tanzantan pou yo pa kole ansanm. Ou ka itilize yon paswa pou retire tout dlo nan spageti a anvan ou metel nan sòs la. Pou prepare sòs la, mete lwil nan chodyè a, epis yo byen pile ak moso mori yo, epi brasel avèk bè kizin nan, fwomaj rache, pèsi ak ten. Kitel ramoli pou 5 minit apre sa mete spageti a nan chodyè a, bwasel ak epis yo pandan 5 minit epi kitel pou anviwon 5 minit sou dife a. Spageti a deja pare. Spageti Recho Doub (Kantite chabon): ¼ mamit (Kantite moun): 6 (Tan): 25 minit Engredyan spageti 3 dan lay 2 magi 1 piman dous 2 piman pike 1 moso mori 1 moso fwomaj 1 pake ten ak pèsi 1 zonyon Bè kizin 2 pye powo 2 tomat 3 ze peyi .
  • 20. Konsèy mwa a Siw twò plen chodyèw ak dlo li pral tonbe sou recho PlopPlop ou an ki pè dlo SEPTANM 1 8 15 22 29 3 10 17 24 4 11 18 25 5 12 19 26 Madi Jedi Vandredi Samdi 7 14 21 28 Lendi 6 13 20 27 Dimanch 2 9 16 23 30 Mèkredi
  • 21. Preparasyon Limen dife sou mwayen recho PloPlop doub la, kite pòt la ouvè answit mete 5 dl dlo nan yon chodyè pou mete tchaka a bouyi pandan 1 è de tan kite pòt la ouvri jiskaske dlo a bouyi, lè dlo a kòmanse bouyi fèmen pòt recho PlopPlop la a demi. Pandan tan sa a koupe vyann nan, lavel ak vinèg, zoranj si, answit limen dife nan plas piti recho PlopPlop doub la pou mete yon lit dlo bouyi pa bliye kite pòt recho a ouvè, vide dlo bouyi a sou vyann nan epi kite li degoute pandan 3 minit. Koulye a netwaye lay yo ak powo yo, pile yo ansanm, mete nan chodyè a: asid sitwon an, ji zoranj si a, lwil la, epis la ak moso vyann yo ak vyann moulen an tranpe pandan 10 minit nan moutad la mete pake ten ak pèsi a tou, apre sa mete chodyè a sou ti fwaye a epi fèmen pòt la kitel bouyi tou dousman ajoute ti dlo ladann sil pa fin lage. Kanl fin lage metel nan Tchaka a. Lè tchaka fin fè 1 è de tan ap bouyi ajoute vyann nan, pois frans vèt la, kawòt la, militon an, epina ak tout lòt epis ki te rete yo, pou fini kite li bouyi 45 minit ankò jiskaske tout bagay yo byen kwit ak yon ti dife. Donk Tchaka a gentan pare. Tchaka Ayisyen Recho Doub (Kantite chabon): 1 è 1/2 mamit (Kantite moun): 10 (Tan): 1 è 25 minit Engredyan 1 gwo mamit mayi tchaka 1.6 kg oubyen 3.5 liv vyann bèf 700 g oubyen 1.5 liv vyann bèf moulen 4 magi poul 2 ti pake epina 200 g (Yon ti mamit pwa tann) 6 kiyè lwil (kiyè yo manje) 1 pake ten ak pèsi 5 dan lay violèt 6 zoranj si Sitwon 800 g oubyen 4 ti mamit pwa frans vèt 4 mwayen kawòt 2 pye powo 3 piman pike vèt 2 gwo piman dous 1 grenn militon
  • 22. Konsèy mwa a Byen pran swen recho PlopPlop la, pa janm kitel nan lapli oubyen kote ki mouye OKTÒB 6 13 20 27 1 8 15 22 29 2 9 16 23 30 3 10 17 24 31 Madi Jedi Vandredi Samdi 5 12 19 26 Lendi 4 11 18 25 Dimanch 7 14 21 28 Mèkredi Mort de Dessalines
  • 23. Preparasyon Limen dife sou recho PloPlop mwayen an kite pòt la ouvè jiskaske dlo a bouyi, lè dlo a komanse bouyi demi fèmen pòt recho a. Koupe vyann kabrit la po ak tèt la, lave yo avek vinèg, zoranj si ak sitwon, answit vide dlo bouyi a sou vyann nan epi kitel degoute pandan 2 minit. Koulye a koupe zonyon, pom de tè, kawòt ak tomat la, apre sa pile lay la powo ak jenjanm nan ansanm. Mete nan chodyè a, asid sitwon an, ji zoranj si a, lwil la, epis la ak vyann kabrit la tranpe pandan 10 minit. Apre sa mete li sou dife pa bliye pandan ou mete chodyè a sou dife a pou mete zonyon an, kawòt la, pòm de tè a, pake ten ak pèsi a. Fèmen pòt recho a lè chodyè a kòmanse bouyi epi kite li pandan 1 èd tan, pa bliye wouze vyann nan tanzantan pou li ka byen kwit sitou si vyann nan di. Ragou kabrit Recho Mwayen (Kantite chabon): ¾ mamit (Kantite moun): 10 (Tan): 1 è 25 minit Engredyan 9.5 liv vyann kabrit (po melanje ak tèt kabrit la) 1 ti echalòt 3 gwo piman dous 200 g (yon ti mamit pwa tann) 4 magi poul 8 mwayèn tomat peyi 4 kiyè lwil (kiyè yo manje) 6 zoranj si 4 zonyon 4 kawòt Jenjanm 1 pake ten ak pèsi
  • 24. Konsèy mwa a Ak recho PlopPlop wap ekonomize anpil lajan nan chabon pou achte yon lòt recho chak mwa NOVANM 3 10 17 24 5 12 19 26 6 13 20 27 7 14 21 28 Madi Jedi Vandredi Samdi 2 9 16 23 Lendi 30 1 8 15 22 29 Dimanch 4 11 18 25 Mèkredi La Toussaint Fête des Morts Bataille de vertières
  • 25. Preparasyon Limen dife sou ti recho PloPlop la, kite pòt la ouvè epi mete dlo nan yon kastwòl, mete pwa kongo a, powo ak dan lay yo kwit kite pòt la ouvri jiskaske pwa a bouyi, lè sa a demi-fèmen pòt recho PlopPlop la kite li bouyi pandan 1è de tan. Pile yon pati nan pwa kwit la epi pasel nan paswa videl nan kastwòl la. Apre sa mete bè kwizin nan, magi a, pake ten ak pèsi a, piman vèt ak piman dous la rache a. Lè pwa a prèske bon mete jenjanm dous la avèk yon ti kiyè. Kitel bouyi pandan 15 minit ak yon ti dife anbal jiskaske sòs pwa vin pwès. Limen dife sou mwayen recho PloPlop la kite pòt la ouvè, mete yon chodyè sou dife a kitel byen cho, vide 6 kiyè lwil, apre sa mete powo ak ti sèl fri pandan 10 segond apre sa vide dlo pou pitimi an. Depi dlo a bouyi mete pitimi an avèk yon ti bè epi fèmen pòt recho a jiskaske li kwit. Sèvi sòs pwa a avèk pitimi an. Pitimi ak sòs pwa kongo Recho Doub (Kantite chabon): 1 mamit (Kantite moun): 10 (Tan): 1 è 45 minit Engredyan 1800 g oubyen 3 ti mamit pitimi 1 ti pake echalòt 3 gwo piman dous 2 pye powo 2 magi poul 6 kiyè lwil (yo manje) 5 dan lay 1 gwo piman dous 3 kg oubyen yon gwo mamit pwa kongo 3 magi poul 3 kg (1 gwo mamit) pwa kongo 2 piman pike vèt Jenjanm 1 kiyè sik (kiyè yo manje) 3 pye powo
  • 26. Konsèy mwa a Gade recho PlopPlop ou an pwòp, toujou siye li ak yon chifon ki pa mouye DESANM 1 8 15 22 29 3 10 17 24 31 4 11 18 25 5 12 19 26 Madi Jedi Vandredi Samdi 7 14 21 28 Lendi 6 13 20 27 Dimanch 2 9 16 23 30 Mèkredi Jour de Noël
  • 27. Preparasyon Limen dife a nan ti recho PlopPlop la kite pòt la ouvè, mete 3 lit dlo bouyi. Koupe gòj poul la epi rantre l’nan dlo bouyi a epi retirel pou li ka deplimen pi fasil, fè sa jiskaske poul la fin deplimen nèt. Epi flanbe l’ak yon moso papye. Apre sa lavel ak yon zoranj si, rensel epi kòmanse pa koupe pat yo, kwis yo, zèl yo. Netwaye tèt la ak tout lòt pati yo. Sa ki pa bon yo jete yo, epi fann kò poul la an 2 retire kè a, fwa a ak jizye a. Lave tout ak zoranj si. Mete yon lit dlo bouyi epi videl sou poul la nan chodyè a pouw kapab chodel. Apre sa mete epis pile yo avèk yon ti lwil, ten ak pèsi, moso poul yo avèk yon ti zoranj si. Kitel tranpe kèlke minit, metel sou dife epi fèmen pòt la. Kitel bouyi tou dousman pandan 45 minit. Retire poul la nan chodyè a epi fri yo nan lwil pòm de tè a ak bannann koupe yo. Kite pòt recho a ouvè. Kou tout pare sèvi yo ak vyann nan ak pikliz. Poul peyi Ti recho (Kantite chabon): ½ mamit (Kantite moun): 5 (Tan): 1 è 35 minit Engredyan 1 poul peyi (1.5 kg) 1 zoranj si 5 sitwon mi 4 pye powo 1 tèt lay 3 piman pike vèt 1 piman dous 1 pake ten ak pèsi Zonyon, tomat, pikliz Magi poul Pòm de tè
  • 28. LIFELINE Manje pwòp pou lavi Pi bon gou - maje a fèt pi vit Recho a ekonomize anpil chabon e: haiti@lifelinefund.org - t: +509 3638 0915 Facebook: facebook.com/RechoPlopPlopPlus Yon gran mèsi ak tout moun ki te rann pwojè sa a posib Oswalda Saint-Victor, Leonne Seizeme, Dagena Casseus, Guerline Pierre, Lunique Hilaire, Leslie G. Nerette photosby:RaffaellaBellanca-designedby:deborahterry-cookwareproducedby:HaitiMetal