Page 1 of11!
DISKOU A LA NASYON
Samdi 13 desanm 2014
Pèp Ayisyen,
Mwen vin devan nou jounen jodia ak anpil imilite pou remèsye
nou, pou bèl eksperyans sa a, kote m te gen opòtinite sèvi
nou pandan 31 mwa kòm Premye Minis nou.
Mwen vle remèsye Prezidan an ki te fem konfians lè li te chwazi
mwen kom Premye Minis pou edel realize misyon ke pep ayisien
te bali.
Mwen vle remesye tou tout minis ki nan gouvenman an e ki
akonpanye mw pandan 31 mwa ki sot passe yo.
Men pi gwo remisiman se pou popilasyon an, fanm ak gason
2.
vanyan rabô babôki fe nou konfians e bannou tout sipo yo menm
lè bagay yo difisil. Tout kote nou pase nan peyi, popilasyon di
nou mem bagay la… kontinye travay pou nou ka fe Ayiti vansé.
Nou mete nou ansanm pou n te mennen de aksyon ki pat janm fèt
lan peyi a nan 50 dènye lane yo.
Lè nou te deside aji konsa, se paske nou te vle voye yon mesaj
klè bay tout ayisyen alawonnbadè nan lemonn pou leve diyite yo
pou chak grenn ayisyen toujou santi l fyè.
Kidonk Nominasyon m kom premye Minis se dabò konfyans
Prezidan an te fèm poum pote vizyon l kise : Fòk Pèp la Jwenn!
Fòk chak timoun al lekòl.
Nominasyonm kòm Premye Minis se konfyans eli pèp la nan
chanm depite ak chanm sena te bay fason m ke m tap pral ateri
nan 5 E (Edikasyon, Economie, Etat de Droit, Environnement
ak Eneji), gran priorite Gouvenmanm nan.
Se sitou, SITOU lanmou pou pèp la, lanmou pou Ayiti cheri ki se
serum ki banm fòs ak kouraj pou travay lajounen kou lannwit.
Page 2 of 11!
3.
Fok mwen admèttou ke lè Prezidan an te mande nou pran
responsabilite sa yo, nou te rekonet ke li ta pral yon koken chen
travay, men an tan ke patriot sel chwa nou se poun te di wi.
Nou tout konnen sitiyasyon peyi a tap viv le sa a. Nou jwen yon
peyi ki te devaste aprè goudou goudou 2010 la.
Avan menm nou komanse, nou jwen yon peyi ki te deja frape pa
yon sechrès malouk nan depatmen nô peyi a e ki te detwi rekòlt
zon lan. No soti nan sechrès nou pran tanpèt Izaaak nan mwa
daout e pi nou vin pran siklòn Sandy nan mwa Oktòb ki te detwi
rekòlt ak bèt nan depatman sid ak ouest peyi a.
Se nan koteks sa a ke nou te komanse travay la. Men nou ka di
jodi a, aprè 31 mwa rezilta yo la.
Premye devwa nou kom yon gouvenman responsab se te dégagé
nou kon met jan jak pou nou ede pep la ak grangou klorox ki
frapel la.
MEN SA NOU DI.
Page 3 of 11!
4.
Nou te diFOK PEP LA JWENN e nou fe sa nou kapab pou
pèp la jwenn.
Pou soulaje moun ki pi pòv ak vilnerabl yo gouvenman mwen an
kreye program sosyal ki rele EDE PEP, yon visyon ki pat janm
egziste avan. Ki se yon pwogram ki touche plizyè kategori moun
soti nan fanm, rive nan timoun, pase pa etidyan, andikape,
peyizan.
Tout moun ki gen mwens mwayen yo. Tout moun sa lôt
gouvenman te blye yo. Nou jwen anpil satisfaksyon lè nou wè gen
amelyorasyon lavi sè ak frè ak soeur nou yo.
Nou kontan men nou pa satisfè lè nou wè ke moun ki nan povrete
ekstrèm desan… li soti de 31 % a 24 % en 2014 gras a travay sa.
Poun ka fè lavi miyò, nou te mete yon komisyon pou pran mezi
pou kenbe pri pwodwi pi ba.
Nou rive kenbe to enflasyon a 5.8 %.
Mwen we pep la nan Gouvenman lakay, mwen we pep la nan
pwogram Ede PeP.. nou konprann bezwen yo e yo konprann gwo
jèfo nap fè mem si mwayen yo fèb. Lè nou pale ak pep la yo di
nou yo kontan soulajman an men fôk nou fè plis jefô toujou.
Page 4 of 11!
5.
Pep Ayisyen,
Toutfanmi Ayisien konen se edikasyon ki pou pemet pitit yo gen
yon lavi miyô. Se pou sa ke nou di Fòk chak timoun al lekòl.
Nou pousé pwogam lekol gratis ki pemet nou peyé pou 1.4 milyon
pitit pep al lekol e selon dernier rapport UNICEF la nou augmente
taux timoun al lekol de 55% à 90%.
Pèp Ayisyen an,
Map voye yon gro kout chapo pou chak grenn policier nan
institusyon an.
Sou gouvenman sa a é aprè tout jefo sa yo, Ayiti vin youn nan
peyi ki gen plis sekirite nan karayib la.
Sou 15 peyi nan karayib la Ayiti pase an 5eme posisyon daprè
oganizasyon nasyon zini kont kriminalite sou tout fòm.
Page 5 of 11!
6.
Se sak fègen plis envestisman, se sak fè gen plis touris. Nou
diminye kriminalite de 50% pa rapò a 2010. Nou mate kidnaping
la e li bese a 54 %.
Nou redwi kidnapin a 83% de premier semes 2012 a 2014.
Pèp Ayisyen,
Sou kesyon BÒN GOUVENANS. Nou marye batay bòn
gouvenans la ak kreyasyon kondisyon pou investisman.
Nou mennen batay lit kont koripsyon ak kontrebande pou nou
pèmèt règ jwèt la menm pou tou biznisman ak pou kès Leta yo
rantre plis kòb pou regle koze pep la. Ayiti sòti 163 eme an 2012
poul vini 161 en 2014.
Peyi a fè menm pwogrè a nan libète lapawol. Sa ki bay plis moun
lakay ak lòtbò konfyans nan Leta a ak nan peyi a an general.
Lè nou pale ak pep la yo di nou yo fòk mete lod pou ti moun ka al
lekol, gran moun ka al travay, investisè ak touris ka antre, fanmi
nou yo nan dyaspora a ka vin poze lakay yo.
Pep Ayinsyen,
Page 6 of 11!
7.
Nou konen poupeyi vanse fòk tout moun ka travay. Nou se yon
pèp ki fyè, ki kon travay e ki pa pè travay. Se pou tèt sa ke
Prezidan avèk mwen fè sa nou konen pou nou fè invistisè vin nan
peyi.
Nou travay kou mèt JanJak poun fè investisè reprann konfyans
nan peyi a. Pandan péryod 2011 ak 2013, investisman direk
etrange nan peyi a ogmante an moyèn de 54 % pa rapò a 2006-
2010.
Nou wè nouvo lotèl yo, nou wè plis moun kap travay nan sektè
soutretans lan.
Envestisè yo vini se akoz yo wè gen amelyorasyon nan fè biznis
an Ayiti. Yo wè ekonomi a ap pran jarèt paske prodiksyon peyi a
ogmante de 4.3 % en 2013.
Pèp ayisyen,
Nan domen agrikol, pandan 3 lane nou tire plis pase 500 milyon
dola envestisman prive.
Nou ogmante pwodiksyon agrikòl peyi a an 2013 an mwayèn
30%.
Page 7 of 11!
8.
Nou kire plispase 23 rivyè pou pwoteje popilasyon an kont
inondasyon.
Nou siyen plizyè akò komèsyal ak Bahamas, Venezyela pou nou
ka kreye chimen pou ekspòte pwodwi agrikòl nou yo.
Nou kreye kondisyon pou fè agrikilti a vin pi modèn.
Jenès la.....
Nou konstwi plis pase 18 estad pou respekte dwa lwazi jenès la.
Jenès peyi a, Nou ki se avni Peyi a
Nou ki senbolize futu peyi a,
avan pasaj mwen nan tèt Gouvernman an nou patap Janm ka kwè
KE yon jènn gason 39 avn teka pote gwosè chay travay sa mete
sou do l.
Ke pasaj mwen an sevi nou de exanp kote mwen pete plafon Ki te
mete restriksyon sou fonksyon jenn yo ka ranpli nan peyi a.
Li lè li tan pou nou pran avni nou an men....
Pep Ayisyen,
Page 8 of 11!
9.
Nou REMETE AYITISOU KAT TOURISTIK ENTENASYONAL.
Kantite moun ki vizite ayiti ogmante 20 % an 2013 epi ak plis
640,000 vizit nan Labadie. Konfyans retabli ant Ayiti ak Gwo
envestisè yo. Envestisman nan lotèl ogmante de 45 %.
Pa gen investisman san ENFRASTRIKTI : Avèk ti mwayen nou
genyen nou fè anpil. Pèp la rele nou Gouvènman
rekonstriksyon an.
Peyi a te atè plat, fòk nou te non selman rekonstwi sak te krazé
yo men fòk nou mete peyi a nan yon nivo tankou tout lôt peyi ki an
kompetisyon avek nou.
Lè nou fè 700 KM wout, reyabilite, konstwi 20 ponts, renove 4
ayopò, renove e konstrui 2 ports, et 200 infrastructures sante, se
pou bay popilasyon sevis.
Se pou pep la ka viv pi byen tou nou kontwi logeman sosyal yo :
Village Lumane Casimir konstrwi pou pep la ka jwenn yon
kote pou domi.
Lè nou pale ak pép la, yo mande fòk nou kreye plis opòtinite pou
jèn yo ka jwen travay, fok nou kreye plis lojman sosyal, fòk bati
plis wout, fòk nou fè plis touris vini, mennen plis investisè, gere
question grangou a.
Page 9 of 11!
10.
Se pou sake prezidan avek mwen voyaje al tout kote, palé ak
tout moun é kreye estrikti isit pou atiré investisè.
Nou tout konen ke se Devlòpman ak stabilite politik ki pral
pemet nou vanse.
Kenbe stabilite politik ak developman ekonomi ak sosyal se yon
pari poun genyen sou plizyè generasyon. Li mande sakrifis ak
kapasite pou n wè pi lwen ke enterè pesonèl nou.
Pèp Ayisyen,
Malgre tout réalizasyon sa yo, si se sak kapab debloke kriz politik
la tout bon vré, mwen désidé, sou baz atik 165 manman lwa
peyi a, remèt bay Prezidan Martelly demisyon m ak demisyon
tout gouvènman an.
Nou prale.
Nou prale avek yon sentiman ke nou fe tout sa nou kapab pou
peyi a vanse.
Pou pèp ayisyen a, mwen di nou mesi anpil, nou sou kèm.
Mwen pap janm lage nou.
Mwen vle di poum fini, mèsi ak tout travayè laprès, tout
Page 10 of 11!
11.
sendikalis, tout fòsòganize ki pat janm sispann pote kole ak
kòz majorite pèp la.
Nap kontinye.
Je quitte le poste de premier ministre avec le sentiment du
devoir accompli.
Nous avons engage ce pays dans une dynamique de mutation
profonde et de changement reel au benefice de la population.
Aujourd’hui au moment de refermer ce chapitre important du
quinquennat du President Martelly, nous espérons que de tout
Coeur, ce travail remarquable ne sera pas gâché et que d’autres
grandes réalisations sont à venir pour notre pays.
Je remercie tous ceux et toutes celles qui m’ont accompagné
chaque jour au service d’Haiti, mon pays, et qui ont cru avec moi
en un avenir meilleur.
VIV AYITI!!!
Page 11 of 11!