SlideShare a Scribd company logo
1 of 2
Download to read offline
Lèt tou louvri pou Prezidan Peyi Dayiti, Ekselans Mesye Jovnel Moyiz
Pòtoprens, 8 Fevriye 2017
Etidyan Finisan nan Lekòl Nòmal Siperyè
Branch nan Inivèsite Leta Peyi Dayiti
ENS/UEH (Pwomosyon 2012 – 2016)
Pou : Ekselans Mesye Jovnel Moyiz,
Prezidan Repiblik Dayiti
Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti,
Nou menm Etidyan finisan (pwomosyon 2012 - 2016) nan
Lekòl Nòmal Siperyè, t’ap swiv avèk anpil enterè kòman w te sèmante pou w respekte
konstitisyon peyi Dayiti a. Konstitisyon sila se manman lwa peyi a. Li garanti dwa chak
sitwayen genyen pou yo travay pandan li fè Leta obligasyon pou kreye bon kondisyon pou sa.
Jounen Jodi a, Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Nou menm 175 etidyan ki fin
etidye nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH), nou adrese w lèt tou louvri sila; Pou nou atire
atansyon w sou sitiyasyon nou. Nou gen plis pase yon lane edmi depi n’ap goumen pou nou
rive jwi dwa nou genyen pou nou travay; jan manman lwa peyi a garanti sa. Mesye Dam nan
Leta Peyi Dayiti kanpe an kwa pou nou pa rive jwi lib e libè dwa sa nou genyen an.
Si w pèmèt nou byen esplike w ; anplis manman lwa peyi a ki garanti dwa sa nou genyen pou
nou travay la, Nou siyen yon kontra ak Leta Ayisyen pou nou fè estaj epi entegre
administrasyon piblik la. Kontra sa rive posib apre Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) te fin
siyen yon pwotokòl dakò avèk Ministè Ledikasyon Nasyonal (MENFP) nan lane 2013.
Depi 30 Jen 2016 Nou tout 175 Etidyan finisan ENS/UEH yo te dwe jwenn lèt nominasyon
pandan Kontra estaj nou t’ap fini. Men gen gwo fòs fènwa ak gwo mannèv Mesye Dam nan
Leta ap fè pou nou pa jwenn lèt nominasyon nou epi fòse nou kite peyi a.
Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Manman lwa peyi Dayiti entèdi yo fòse sitwayen
ayisyen kite Ayiti. Mesye Dam nan Leta ap fòse nou kite Ayiti pou nou ale Brezil oswa Chili
chache yon lavi miyò. Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, se ou menm an premye ki
gen pou devwa garanti dwa tout sitwayen ayisyen, 175 etidyan finisan ENS/UEH yo an
patikilye. Se poutèt sa n’ap mande pou w pran tout dispozisyon pou fè rèspekte dwa nou
pandan ministè ledikasyon Nasyonal (MENFP) la ap respekte angajman li te pran lè li t’ap
siyen kontra ak nou. Nan kontra sa tout 175 etidyan yo te gen 2 chè. Pou nominasyon an, nou
tout 175 etidyan yo ap tann travay plen tan.
Nou tout 175 etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) rete kwè, Ekselans Mesye
Prezidan Repiblik Dayiti, demach sa, antre non sèlman, nan sa w genyen kòm devwa, men
tou nan objektif ou pou peyi a. Se sa ki fè n’ap tann nan premye seri desizyon w pral pran yo,
Nominasyon tout 175 etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) ap youn ladan yo.
Paske selon premye diskou w te fè kòm Chèf Leta, Ou te di «Misyon pa m, se pou m kreye
kondisyon pou tout moun anvi viv nan peyi yo » Nou menm 175 etidyan finisan Lekòl
Nòmal Siperyè (ENS/UEH) nou te deja sèmante pou nou pa ale ni Brezil, ni Chili.
Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Desizyon nou tout 175 etidyan finisan Lekòl
Nòmal Siperyè (ENS/UEH) pran pou nou pa kite peyi a se nan entèrè peyi Dayiti. Janw
te di sa nan premye diskouw kòm Chèf Leta. Nou louvri je nou byen gran pou nou gade
epi veye sa w’ap fè ak jenès peyi a, patikilyèman 175 etidyan ENS/UEH yo. N’ap louvri
zòrèy nou byen gran pou nou tande tout pawòl k’ap sòti nan bouch ou. N’ap kenbe kaye ak
plim nou nan men nou byen di, pou nou make tout aksyon w’ap genyen pou w poze, pandan 5
lane k’ap vini an.
Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, pandan n’ap tann ou reyaji sou dosye 175
etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) yo, n’ap raple w, nou menm, nou jire pou
nou pa kite peyi a.
N’ap fini lèt nou an pandan nap mande w, Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti,
aksepte salitasyon patriyotik nou.
Etidyan finisan ENS/UEH – Pwomosyon 2012 – 2016.

More Related Content

Viewers also liked

Similitudes entre el Método Científico y las Fases de la Solución de Problemas
Similitudes entre el Método Científico y las Fases de la Solución de ProblemasSimilitudes entre el Método Científico y las Fases de la Solución de Problemas
Similitudes entre el Método Científico y las Fases de la Solución de Problemasanaleon08
 
ΣΥΝΑΙΣΘΗΜΑΤΙΚΗ ΝΟΗΜΟΣΥΝΗ - ΕΝΣΥΝΑΙΣΘΗΣΗ ΚΑΙ ΔΙΑΠΡΟΣΩΠΙΚΗ ΕΠΙΚΟΙΝΩΝΙΑ /EMOTION...
ΣΥΝΑΙΣΘΗΜΑΤΙΚΗ ΝΟΗΜΟΣΥΝΗ - ΕΝΣΥΝΑΙΣΘΗΣΗ ΚΑΙ ΔΙΑΠΡΟΣΩΠΙΚΗ ΕΠΙΚΟΙΝΩΝΙΑ /EMOTION...ΣΥΝΑΙΣΘΗΜΑΤΙΚΗ ΝΟΗΜΟΣΥΝΗ - ΕΝΣΥΝΑΙΣΘΗΣΗ ΚΑΙ ΔΙΑΠΡΟΣΩΠΙΚΗ ΕΠΙΚΟΙΝΩΝΙΑ /EMOTION...
ΣΥΝΑΙΣΘΗΜΑΤΙΚΗ ΝΟΗΜΟΣΥΝΗ - ΕΝΣΥΝΑΙΣΘΗΣΗ ΚΑΙ ΔΙΑΠΡΟΣΩΠΙΚΗ ΕΠΙΚΟΙΝΩΝΙΑ /EMOTION...Theodora Chandrinou
 
Storyboard media first real
Storyboard media first realStoryboard media first real
Storyboard media first realEllie Hart
 
Evaluation 6 improved
Evaluation 6 improvedEvaluation 6 improved
Evaluation 6 improvedEmily Warner
 
Evaluation 6 after feedback with marked corrections
Evaluation 6 after feedback with marked correctionsEvaluation 6 after feedback with marked corrections
Evaluation 6 after feedback with marked correctionsJess Hammond
 
정품바오메이 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 수면제판매,수면제 효능,수면제 성분,수면제 종류, 수면제 치사량,수면제 팔아요
정품바오메이 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 수면제판매,수면제 효능,수면제 성분,수면제 종류, 수면제 치사량,수면제 팔아요정품바오메이 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 수면제판매,수면제 효능,수면제 성분,수면제 종류, 수면제 치사량,수면제 팔아요
정품바오메이 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 수면제판매,수면제 효능,수면제 성분,수면제 종류, 수면제 치사량,수면제 팔아요블랙 핑크
 
정품아드레닌 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 아드레닌 판매,아드레닌 효능,아드레닌 성분,아드레닌 종류, 아드레닌 치사량,...
정품아드레닌  『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 아드레닌 판매,아드레닌  효능,아드레닌  성분,아드레닌  종류, 아드레닌  치사량,...정품아드레닌  『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 아드레닌 판매,아드레닌  효능,아드레닌  성분,아드레닌  종류, 아드레닌  치사량,...
정품아드레닌 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 아드레닌 판매,아드레닌 효능,아드레닌 성분,아드레닌 종류, 아드레닌 치사량,...블랙 핑크
 

Viewers also liked (10)

Semiologia columna
Semiologia columnaSemiologia columna
Semiologia columna
 
Similitudes entre el Método Científico y las Fases de la Solución de Problemas
Similitudes entre el Método Científico y las Fases de la Solución de ProblemasSimilitudes entre el Método Científico y las Fases de la Solución de Problemas
Similitudes entre el Método Científico y las Fases de la Solución de Problemas
 
Infancia y discapacidad
Infancia y discapacidadInfancia y discapacidad
Infancia y discapacidad
 
ΣΥΝΑΙΣΘΗΜΑΤΙΚΗ ΝΟΗΜΟΣΥΝΗ - ΕΝΣΥΝΑΙΣΘΗΣΗ ΚΑΙ ΔΙΑΠΡΟΣΩΠΙΚΗ ΕΠΙΚΟΙΝΩΝΙΑ /EMOTION...
ΣΥΝΑΙΣΘΗΜΑΤΙΚΗ ΝΟΗΜΟΣΥΝΗ - ΕΝΣΥΝΑΙΣΘΗΣΗ ΚΑΙ ΔΙΑΠΡΟΣΩΠΙΚΗ ΕΠΙΚΟΙΝΩΝΙΑ /EMOTION...ΣΥΝΑΙΣΘΗΜΑΤΙΚΗ ΝΟΗΜΟΣΥΝΗ - ΕΝΣΥΝΑΙΣΘΗΣΗ ΚΑΙ ΔΙΑΠΡΟΣΩΠΙΚΗ ΕΠΙΚΟΙΝΩΝΙΑ /EMOTION...
ΣΥΝΑΙΣΘΗΜΑΤΙΚΗ ΝΟΗΜΟΣΥΝΗ - ΕΝΣΥΝΑΙΣΘΗΣΗ ΚΑΙ ΔΙΑΠΡΟΣΩΠΙΚΗ ΕΠΙΚΟΙΝΩΝΙΑ /EMOTION...
 
Storyboard media first real
Storyboard media first realStoryboard media first real
Storyboard media first real
 
Evaluation 6 improved
Evaluation 6 improvedEvaluation 6 improved
Evaluation 6 improved
 
Evaluation 6 after feedback with marked corrections
Evaluation 6 after feedback with marked correctionsEvaluation 6 after feedback with marked corrections
Evaluation 6 after feedback with marked corrections
 
Ebola
EbolaEbola
Ebola
 
정품바오메이 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 수면제판매,수면제 효능,수면제 성분,수면제 종류, 수면제 치사량,수면제 팔아요
정품바오메이 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 수면제판매,수면제 효능,수면제 성분,수면제 종류, 수면제 치사량,수면제 팔아요정품바오메이 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 수면제판매,수면제 효능,수면제 성분,수면제 종류, 수면제 치사량,수면제 팔아요
정품바오메이 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 수면제판매,수면제 효능,수면제 성분,수면제 종류, 수면제 치사량,수면제 팔아요
 
정품아드레닌 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 아드레닌 판매,아드레닌 효능,아드레닌 성분,아드레닌 종류, 아드레닌 치사량,...
정품아드레닌  『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 아드레닌 판매,아드레닌  효능,아드레닌  성분,아드레닌  종류, 아드레닌  치사량,...정품아드레닌  『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 아드레닌 판매,아드레닌  효능,아드레닌  성분,아드레닌  종류, 아드레닌  치사량,...
정품아드레닌 『 W6.ow.to 』 톡 w2015 ♡ 아드레닌 판매,아드레닌 효능,아드레닌 성분,아드레닌 종류, 아드레닌 치사량,...
 

More from Anthony Geffrard (20)

Opc opc
Opc opcOpc opc
Opc opc
 
Opc
OpcOpc
Opc
 
Opc
OpcOpc
Opc
 
Mezanmi pèp ayisyen
Mezanmi pèp ayisyenMezanmi pèp ayisyen
Mezanmi pèp ayisyen
 
Interling avis
Interling avisInterling avis
Interling avis
 
Logo interling2
Logo interling2Logo interling2
Logo interling2
 
Depliant corrigé
Depliant corrigéDepliant corrigé
Depliant corrigé
 
Logo interling2
Logo interling2Logo interling2
Logo interling2
 
Depliant corrigé
Depliant corrigéDepliant corrigé
Depliant corrigé
 
Depliant 2
Depliant 2Depliant 2
Depliant 2
 
Logo Interling2
Logo Interling2Logo Interling2
Logo Interling2
 
Depliant 1
Depliant 1Depliant 1
Depliant 1
 
Pihds
PihdsPihds
Pihds
 
Document de sensibilisation
Document de sensibilisationDocument de sensibilisation
Document de sensibilisation
 
Conflicts dans les Communautes & Droits Humains
Conflicts dans les Communautes & Droits HumainsConflicts dans les Communautes & Droits Humains
Conflicts dans les Communautes & Droits Humains
 
Présentation1
Présentation1Présentation1
Présentation1
 
Présentation
PrésentationPrésentation
Présentation
 
Cecidhu pihds
Cecidhu pihdsCecidhu pihds
Cecidhu pihds
 
Projet cecidhu-pihds
Projet  cecidhu-pihdsProjet  cecidhu-pihds
Projet cecidhu-pihds
 
Cesa pihds photos
Cesa pihds photosCesa pihds photos
Cesa pihds photos
 

Lèt tou louvri pou prezidan peyi dayiti

  • 1. Lèt tou louvri pou Prezidan Peyi Dayiti, Ekselans Mesye Jovnel Moyiz Pòtoprens, 8 Fevriye 2017 Etidyan Finisan nan Lekòl Nòmal Siperyè Branch nan Inivèsite Leta Peyi Dayiti ENS/UEH (Pwomosyon 2012 – 2016) Pou : Ekselans Mesye Jovnel Moyiz, Prezidan Repiblik Dayiti Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Nou menm Etidyan finisan (pwomosyon 2012 - 2016) nan Lekòl Nòmal Siperyè, t’ap swiv avèk anpil enterè kòman w te sèmante pou w respekte konstitisyon peyi Dayiti a. Konstitisyon sila se manman lwa peyi a. Li garanti dwa chak sitwayen genyen pou yo travay pandan li fè Leta obligasyon pou kreye bon kondisyon pou sa. Jounen Jodi a, Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Nou menm 175 etidyan ki fin etidye nan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH), nou adrese w lèt tou louvri sila; Pou nou atire atansyon w sou sitiyasyon nou. Nou gen plis pase yon lane edmi depi n’ap goumen pou nou rive jwi dwa nou genyen pou nou travay; jan manman lwa peyi a garanti sa. Mesye Dam nan Leta Peyi Dayiti kanpe an kwa pou nou pa rive jwi lib e libè dwa sa nou genyen an. Si w pèmèt nou byen esplike w ; anplis manman lwa peyi a ki garanti dwa sa nou genyen pou nou travay la, Nou siyen yon kontra ak Leta Ayisyen pou nou fè estaj epi entegre administrasyon piblik la. Kontra sa rive posib apre Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) te fin siyen yon pwotokòl dakò avèk Ministè Ledikasyon Nasyonal (MENFP) nan lane 2013. Depi 30 Jen 2016 Nou tout 175 Etidyan finisan ENS/UEH yo te dwe jwenn lèt nominasyon pandan Kontra estaj nou t’ap fini. Men gen gwo fòs fènwa ak gwo mannèv Mesye Dam nan Leta ap fè pou nou pa jwenn lèt nominasyon nou epi fòse nou kite peyi a. Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Manman lwa peyi Dayiti entèdi yo fòse sitwayen ayisyen kite Ayiti. Mesye Dam nan Leta ap fòse nou kite Ayiti pou nou ale Brezil oswa Chili chache yon lavi miyò. Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, se ou menm an premye ki gen pou devwa garanti dwa tout sitwayen ayisyen, 175 etidyan finisan ENS/UEH yo an patikilye. Se poutèt sa n’ap mande pou w pran tout dispozisyon pou fè rèspekte dwa nou pandan ministè ledikasyon Nasyonal (MENFP) la ap respekte angajman li te pran lè li t’ap siyen kontra ak nou. Nan kontra sa tout 175 etidyan yo te gen 2 chè. Pou nominasyon an, nou tout 175 etidyan yo ap tann travay plen tan.
  • 2. Nou tout 175 etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) rete kwè, Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, demach sa, antre non sèlman, nan sa w genyen kòm devwa, men tou nan objektif ou pou peyi a. Se sa ki fè n’ap tann nan premye seri desizyon w pral pran yo, Nominasyon tout 175 etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) ap youn ladan yo. Paske selon premye diskou w te fè kòm Chèf Leta, Ou te di «Misyon pa m, se pou m kreye kondisyon pou tout moun anvi viv nan peyi yo » Nou menm 175 etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) nou te deja sèmante pou nou pa ale ni Brezil, ni Chili. Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, Desizyon nou tout 175 etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) pran pou nou pa kite peyi a se nan entèrè peyi Dayiti. Janw te di sa nan premye diskouw kòm Chèf Leta. Nou louvri je nou byen gran pou nou gade epi veye sa w’ap fè ak jenès peyi a, patikilyèman 175 etidyan ENS/UEH yo. N’ap louvri zòrèy nou byen gran pou nou tande tout pawòl k’ap sòti nan bouch ou. N’ap kenbe kaye ak plim nou nan men nou byen di, pou nou make tout aksyon w’ap genyen pou w poze, pandan 5 lane k’ap vini an. Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, pandan n’ap tann ou reyaji sou dosye 175 etidyan finisan Lekòl Nòmal Siperyè (ENS/UEH) yo, n’ap raple w, nou menm, nou jire pou nou pa kite peyi a. N’ap fini lèt nou an pandan nap mande w, Ekselans Mesye Prezidan Repiblik Dayiti, aksepte salitasyon patriyotik nou. Etidyan finisan ENS/UEH – Pwomosyon 2012 – 2016.