SlideShare a Scribd company logo
1 of 21
Download to read offline
Kay ki fèt an Wozo yo
Yon istwa sou vizyon PACA, enspire apre yon misyon
konsiltasyon nan peyi Salvador nan mwa Fevriye 2003.



                                        Ti vil sa te
                                        twouve l bò yon
                                        gwo larivyè.
                                        Abitan yo tap viv
                                        nan kay ki byen
                                        solid e tap
                                        mennen aktivite
                                        yo trankilman.
Se konsa lavi tap koule
dous jiskaske yon gwo
tranbleman d’tè frape vil
la. Pandan twa jou e twa
nwit, latè te tranble e
sekous yo te tèlman fò
menm pi gwo bilding yo
te tonbe plat atè takou
yon chato kat. Tout
moun ki pat gen tan
chape pou l yo te antere
anba tout pil tè sa yo.
Pandan tranbleman
d’tè sa tap
kontinye fè ravaj,
chak moun tap fè
sa l kapab pou ede
sove viktim yo.
Gason tankou fanm
nan ti vil sa te degaje
yo mete sou pye yon
 lopital ak sa yo jwen
   pou ede pran swen
    moun ki blese epi
  pataje sa yo te jwen
           kòm manje.
Kèk jou te finn
pase, lè lòt moun te
sòti nan vil
vwazinaj yo, te gen
menm ki te sòti
byen lwen, vinn
pote sekou a moun
sila yo.
Nou pa bezwen
mande jan abitan
yo te kontan jwenn
sipò sa. Moun ki te
pèdi kay yo tap viv
kounye a anba tant
annatandan lòt
solisyon.
Apre kèk tan, lè
                                moman ijans yo
                             finn pase, moun ki
                                te vinn bay kout
                                 men yo tounen
                                        lakay yo.

                            Abitan yo pat konn
                              kote yo gad e tap
                            poze tèt yo kesyon:



“Sak kap rive nou si nou pa jwen lòt èd pou
nou kenbe?”
Moun ki tap viv anba tant yo tap plenyen:
“Nou bezwen bon jan kay pou nou rete! Si nou pa
jwen lòt moun vinn ede nou, nou chire! Talè konsa
sezon fredi a ap vini, nou tout ap mouri ak fredi anba
lanèj!”
Alòske abitan yo te
                                   finn dezespere nèt e
                                   yo pat konn kisa pou
                                   yo fè yon ti
                                   demwazèl te poze
                                   kesyon sa:

                                   “Pouki nou pa
                                   eseye konstwi
                                   pwòp kay nou nou
                                   menm?”


Apre yon ti silans, tout moun tonbe ri.
”Ki tenten wap di la!", di yon gwo machann byen
fache, “pou fè kay, nou bezwen brik ki vann chè e nou
pa gen mwayen pou achte yo si lòt vil ki pi rich yo pa
vinn pote n sekou.”
Se konsa yon jenn ti
atis pran lapawòl:

“Si nou pa gen brik,
poukisa nou pa
konstwi kay yo ak
wozo kap pouse pa bò
isit an kantite?"
Pèsonn potko janm tande koze sila. Direktè
planifikasyon amenajman vil la di konsa: ‘Nap di
nepòt tenten! Depi tout tan, nap konstwi kay nou yo
anbrik.’
Yon ti granmou kise
Mèt asosyasyon
atizan nan vil la
reponn, li di konsa:
“Se pa paske nou
poko janm fè yon
bagay ki fè li pa
posib“.
“Se sèlman trese pou nou byen trese wozo yo
pou nou kreye yon baz solid”, madanm ki
abitye trese a deklare.
Se konsa diskisyon tap kontinye sou menm lanse an e
tout asanble a te komanse enterese a sa kap di a. Kèk
moun te déjà ap gade kijan pou yo mete lide a anpratik
e finalman yon gwoup te dakò konstwi yon ‘kay
temwen’ an wozo.
                                    Nan demen
                                    maten, atizan yo
                                    ak medam ki
                                    abitye trese yo
                                    mete tèt yo
                                    ansanm pou
                                    diskite kijan yo
                                    pral bati kay wozo
                                    sa pou li solid e
                                    bèl an mèm tan.
Apre gwo diskisyon gwoup la tonbe dakò e kiltivatè yo te
 twò kontan fè moun yo jwenn kantite wozo yo te bezwen
 an.
Se konsa tout moun te
mete tèt ansanm, atizan,
medam kap trese yo,
kiltivatè yo te kòmanse
travay. Twa mwa apre
sa, se te tout fyète yo
pou yo te prezante
popilasyon an nouvo
kay an wozo sila.
Abitan yo ou ti jan gade
l dwòl e yo tap poze tèt
yo tout kalte kesyon.
Fanmi jenn ti atis la te vinn enstale l nan nouvo kay la.
Alòske moun yo te kòmanse ap viv byen alèz nan kay an
wozo yo, lòt moun te vle gen pwòp kay pa yo tou.

Se konsa anpil lòt kay an wozo te vinn ap konstwi. Apre
yon ti tan, tout fanmi yo te retounen gen kay yo.
Nou dwe konfese: kay la pat finn bon nèt paske van te
travèse l epi dlo tap koule nan fetay la.
Sepandan, tout defo sa yo te motive atizan yo jwenn
Solisyon pou rezoud pwoblèm yos
Lè moun yo gade yo wè kay wozo yo kanpe djanm aprè yon
lòt tranbleman d’tè vinn pase, san yo pa gen krik, tout lòt sa
             ki potko kwè yo vinn wè reyalite a.

  Se konsa pèsonn pat regrèt lòt vye kay anbrik yo ankò.
Tout vil la te fyè e moun te sòti tout kote vinn gade kay an
wozo yo.
Atizan ki te gen lide a, li te kòmanse granmoun, te deja ap
gade kijan pou yo ta vann lide kay anwozo yo byen lwen
andeyò ti vil yo a....
      Fen.
Kont sila “Kay an Wozo yo”© jwenn enspirasyon l apre
yon misyon konsiltasyon nan peyi Salvador, an Fevriye
                       2003.

  Lide ak tèks la se Ulrich Harmes-Liedtke ki te ekri l

     Ilistrasyon yo se Arnoldo Baltodano Cuadra

    Tradiksyon kreole la se WORLD VISION HAITI

 avèk sipò ‘Coopération Technique Allemande (GTZ)’

         San Juan del Sur, Nicaragua 1/2004

More Related Content

More from Universidad Nacional de General Sarmiento (9)

Introducción a la complejidad pdf
Introducción a la complejidad   pdfIntroducción a la complejidad   pdf
Introducción a la complejidad pdf
 
Tci2014 cluster complexity_mesopartner
Tci2014 cluster complexity_mesopartnerTci2014 cluster complexity_mesopartner
Tci2014 cluster complexity_mesopartner
 
Short Presentation Calidena
Short Presentation CalidenaShort Presentation Calidena
Short Presentation Calidena
 
Taller CALIDENA Palmito en Cochabamba Bolivia
Taller CALIDENA Palmito en Cochabamba BoliviaTaller CALIDENA Palmito en Cochabamba Bolivia
Taller CALIDENA Palmito en Cochabamba Bolivia
 
Breve presentacion calidena
Breve presentacion calidenaBreve presentacion calidena
Breve presentacion calidena
 
Paca casas de_paja
Paca casas de_pajaPaca casas de_paja
Paca casas de_paja
 
Les Maisons De Roseau
Les Maisons De RoseauLes Maisons De Roseau
Les Maisons De Roseau
 
Paca Story Houses Of Reed
Paca Story Houses Of ReedPaca Story Houses Of Reed
Paca Story Houses Of Reed
 
Participacion y Accion Para La Competitivdad Local
Participacion y Accion Para La Competitivdad LocalParticipacion y Accion Para La Competitivdad Local
Participacion y Accion Para La Competitivdad Local
 

Maison wozo

  • 1. Kay ki fèt an Wozo yo Yon istwa sou vizyon PACA, enspire apre yon misyon konsiltasyon nan peyi Salvador nan mwa Fevriye 2003. Ti vil sa te twouve l bò yon gwo larivyè. Abitan yo tap viv nan kay ki byen solid e tap mennen aktivite yo trankilman.
  • 2. Se konsa lavi tap koule dous jiskaske yon gwo tranbleman d’tè frape vil la. Pandan twa jou e twa nwit, latè te tranble e sekous yo te tèlman fò menm pi gwo bilding yo te tonbe plat atè takou yon chato kat. Tout moun ki pat gen tan chape pou l yo te antere anba tout pil tè sa yo.
  • 3. Pandan tranbleman d’tè sa tap kontinye fè ravaj, chak moun tap fè sa l kapab pou ede sove viktim yo.
  • 4. Gason tankou fanm nan ti vil sa te degaje yo mete sou pye yon lopital ak sa yo jwen pou ede pran swen moun ki blese epi pataje sa yo te jwen kòm manje.
  • 5. Kèk jou te finn pase, lè lòt moun te sòti nan vil vwazinaj yo, te gen menm ki te sòti byen lwen, vinn pote sekou a moun sila yo. Nou pa bezwen mande jan abitan yo te kontan jwenn sipò sa. Moun ki te pèdi kay yo tap viv kounye a anba tant annatandan lòt solisyon.
  • 6. Apre kèk tan, lè moman ijans yo finn pase, moun ki te vinn bay kout men yo tounen lakay yo. Abitan yo pat konn kote yo gad e tap poze tèt yo kesyon: “Sak kap rive nou si nou pa jwen lòt èd pou nou kenbe?”
  • 7. Moun ki tap viv anba tant yo tap plenyen: “Nou bezwen bon jan kay pou nou rete! Si nou pa jwen lòt moun vinn ede nou, nou chire! Talè konsa sezon fredi a ap vini, nou tout ap mouri ak fredi anba lanèj!”
  • 8. Alòske abitan yo te finn dezespere nèt e yo pat konn kisa pou yo fè yon ti demwazèl te poze kesyon sa: “Pouki nou pa eseye konstwi pwòp kay nou nou menm?” Apre yon ti silans, tout moun tonbe ri.
  • 9. ”Ki tenten wap di la!", di yon gwo machann byen fache, “pou fè kay, nou bezwen brik ki vann chè e nou pa gen mwayen pou achte yo si lòt vil ki pi rich yo pa vinn pote n sekou.”
  • 10. Se konsa yon jenn ti atis pran lapawòl: “Si nou pa gen brik, poukisa nou pa konstwi kay yo ak wozo kap pouse pa bò isit an kantite?"
  • 11. Pèsonn potko janm tande koze sila. Direktè planifikasyon amenajman vil la di konsa: ‘Nap di nepòt tenten! Depi tout tan, nap konstwi kay nou yo anbrik.’
  • 12. Yon ti granmou kise Mèt asosyasyon atizan nan vil la reponn, li di konsa: “Se pa paske nou poko janm fè yon bagay ki fè li pa posib“.
  • 13. “Se sèlman trese pou nou byen trese wozo yo pou nou kreye yon baz solid”, madanm ki abitye trese a deklare.
  • 14. Se konsa diskisyon tap kontinye sou menm lanse an e tout asanble a te komanse enterese a sa kap di a. Kèk moun te déjà ap gade kijan pou yo mete lide a anpratik e finalman yon gwoup te dakò konstwi yon ‘kay temwen’ an wozo. Nan demen maten, atizan yo ak medam ki abitye trese yo mete tèt yo ansanm pou diskite kijan yo pral bati kay wozo sa pou li solid e bèl an mèm tan.
  • 15. Apre gwo diskisyon gwoup la tonbe dakò e kiltivatè yo te twò kontan fè moun yo jwenn kantite wozo yo te bezwen an. Se konsa tout moun te mete tèt ansanm, atizan, medam kap trese yo, kiltivatè yo te kòmanse travay. Twa mwa apre sa, se te tout fyète yo pou yo te prezante popilasyon an nouvo kay an wozo sila. Abitan yo ou ti jan gade l dwòl e yo tap poze tèt yo tout kalte kesyon.
  • 16. Fanmi jenn ti atis la te vinn enstale l nan nouvo kay la.
  • 17. Alòske moun yo te kòmanse ap viv byen alèz nan kay an wozo yo, lòt moun te vle gen pwòp kay pa yo tou. Se konsa anpil lòt kay an wozo te vinn ap konstwi. Apre yon ti tan, tout fanmi yo te retounen gen kay yo.
  • 18. Nou dwe konfese: kay la pat finn bon nèt paske van te travèse l epi dlo tap koule nan fetay la. Sepandan, tout defo sa yo te motive atizan yo jwenn Solisyon pou rezoud pwoblèm yos
  • 19. Lè moun yo gade yo wè kay wozo yo kanpe djanm aprè yon lòt tranbleman d’tè vinn pase, san yo pa gen krik, tout lòt sa ki potko kwè yo vinn wè reyalite a. Se konsa pèsonn pat regrèt lòt vye kay anbrik yo ankò.
  • 20. Tout vil la te fyè e moun te sòti tout kote vinn gade kay an wozo yo. Atizan ki te gen lide a, li te kòmanse granmoun, te deja ap gade kijan pou yo ta vann lide kay anwozo yo byen lwen andeyò ti vil yo a.... Fen.
  • 21. Kont sila “Kay an Wozo yo”© jwenn enspirasyon l apre yon misyon konsiltasyon nan peyi Salvador, an Fevriye 2003. Lide ak tèks la se Ulrich Harmes-Liedtke ki te ekri l Ilistrasyon yo se Arnoldo Baltodano Cuadra Tradiksyon kreole la se WORLD VISION HAITI avèk sipò ‘Coopération Technique Allemande (GTZ)’ San Juan del Sur, Nicaragua 1/2004