Your SlideShare is downloading. ×
Ekite Jan an Ayiti/Equite de genre en Haïti.KRÒS/KÒDINASYON REJYONAL ÒGANIZASYON SIDES, Jacmel, Haïti, mars 2009
Upcoming SlideShare
Loading in...5
×

Thanks for flagging this SlideShare!

Oops! An error has occurred.

×

Introducing the official SlideShare app

Stunning, full-screen experience for iPhone and Android

Text the download link to your phone

Standard text messaging rates apply

Ekite Jan an Ayiti/Equite de genre en Haïti.KRÒS/KÒDINASYON REJYONAL ÒGANIZASYON SIDES, Jacmel, Haïti, mars 2009

1,040
views

Published on

Introduction a la thématique d’équité de genre et développement organisationnel dans le contexte d’Haïti (présentation en créole). …

Introduction a la thématique d’équité de genre et développement organisationnel dans le contexte d’Haïti (présentation en créole).
1.Inégalité de genre dans le monde et en en Haïti
2.Origine de l’inégalité : différence entre sexe et genre
3.Egalite genre, équité de genre, transversalité de genre
4.Cadre légal
5.Approche genre et développement
6.Genre et développement organisationnel

Crosehaiti@yahoo.fr
Coordination Régionale des Organisations du Sud-Est/CROSE
Route des Orangers, Jacmel, Haïti.

ilseroe@hotmail.com : Formation en équité de genre


1 Comment
0 Likes
Statistics
Notes
  • Very Good !! thanks a lot this slide
       Reply 
    Are you sure you want to  Yes  No
    Your message goes here
  • Be the first to like this

No Downloads
Views
Total Views
1,040
On Slideshare
0
From Embeds
0
Number of Embeds
0
Actions
Shares
0
Downloads
2
Comments
1
Likes
0
Embeds 0
No embeds

Report content
Flagged as inappropriate Flag as inappropriate
Flag as inappropriate

Select your reason for flagging this presentation as inappropriate.

Cancel
No notes for slide

Transcript

  • 1. EKITE JAN 3zyèm anivèsè SOJJA/Solidarite Jenn Jakmèl, Jakmèl 29 mas 2009
  • 2. EKITE JAN 1. INEGALITE JAN NAN LEMONN 2. ANN KONPRANN KOTE INEGALITE JAN YO SÒTI: DIFERANS ANT JAN AK SÈKS 6. JAN & DEVLÒPMAN ÒGANIZASYONÈL 5. APWÒCH JAN & DEVLÒPMAN 3. EGALITE JAN, EKITE JAN, TRANSVÈSALITE EKITE JAN… KISA SA YE? 4. KAD LEGAL LA 7. EKITE JAN… SA NOU PANSE? KI KOTE NOU YE NOU MENM?
  • 3. 1. INEGALITE JAN
    • NAN LEMONN
    • AN AYITI
    EKITE JAN
  • 4.
    • Fanm yo reyalize 67% lè travay yo, malgre yo sèlman posede 10% revni mondyal la
    • Pwodiksyon travay pwodiktif envizib fanm yo gen valè 11 000 milya US $ pa ane, li koresponn a 48% PIB mondyal la
    • Fanm yo konstitye 2/3 analfabèt yo; 2/3 timoun yo ki pa ale lekol se fi
    • Fanm yo posede mwens ke 1% pwopriyete yo
    • Pami 1,3 milja moun k ap viv nan povrete absoli, 70% se fanm
    • 1 fanm sou 3 pou pi piti resevwa kou, sibi vyolans seksyèl oubyen lòt fòm vyolans
    • Plis pase 200 000 fanm mouri chak ane anba avòtman ilegal
    Statistik Nasyonzini montre ke onivo lemonn antye: EKITE JAN Sous: Caroline Côté, Le gendre dans le développement. Formation sur l’approche genre et développement, Développement et Paix, avril 2003. Le Monde selon les femmes, Les essentiels du genre. 01 Concepts de base, Bruxelles, 2004.
  • 5. EKITE JAN Kèk chif sou inegalite jan an Ayiti:
    • To mòtalite matènel reprezante 475/100 000; 80% fanm yo oblije akouche nan kondisyon difisil san yo pa gen aksè pèsonel medikal kalifye
    • Revni mwayen fanm yo reprezante mwatye revni gason yo (PIB pa abitan), poutan to okipasyon fanm aktif yo se youn nan pi wo nan rejyon an
    • È ndis analfabetis pou adilt yo nan milye riral egal 31% pou gason yo; 65% pou fanm yo
  • 6.
    • 10% fi yo ant 5 - 9 ane gen stati travayè, pou sa ki ant 10 - 14 ane, li monte jisk 33%
    • To VIH ki anrejistre pami popilasyon feminen pi wo pase sa nan popilasyon maskilen ak yon fòt to transmisyon manman sou pitit
    • 60% - 80% fanm se chèf fanmi monoparantal
    • Nan eleksyon 2006 yo, pousantaj fanm ala prezidans te 3,1%; 7,9% pou eleksyon senatoryèl yo; 5,5% onivo ladepitasyon
    MCFDF, Elements de la condition et des situations des femmes en Haïti , juillet 2006 MSPP, Profil des femmes en Haïti. Résultats de l’enquête EMMUS-III 2000, novembre 2002 EKITE JAN GRAP, Valorisation des expériences de développement local en Haïti. Annexe 10 Femmes , septembre 2003 Sous :
  • 7. EKITE JAN Inegalite jan an Ayiti nan domèn ekonomi:
    • Ba estimasyon ak ba valorizasyon kontribisyon travay fanm yo
    • Nan travay la fanm ak gason pa resevwa menm tretman
    • Inegalite onivo salè yo
    • Inegalite nan repatisyon travay la
    • Fanm ak gason pa gen menm aksè nan byen yo, resous pwodiktif yo oubyen yon fòmasyon apwopiye pou mete yo an valè
    • Yon pousantaj enpòtan nan fanm yo asime pou kont yo reskonsabilite pwodiktif ak repwodiktif yo
    • Fanm yo pa jwi pouvwa ekonomik la yo ta sipoze jwi lè nou konsidere wòl enpòtan yo jwe nan kontribisyon ekonomik la
    • Yon reskonsabilite ekonomik inegal anndan kay la
  • 8. Inegalite jan an Ayiti nan domèn edikasyon: EKITE JAN
    • Aksè egal onivo lekol primè. To eskolarizasyon timoun yo egal 65,4% nan vil yo epi 39,3% nan zòn riral yo
    • Ti fi yo rantre pi ta nan sektè edikatif la pase gason yo
    • To depèdisyon eskolè pi wo pou fi yo
    • Trètman diskriminatwa pou fi yo pou kòz yon gwosès twòp bonè
    • Yon gwo eka ant fi ak gason ki fin pi gwo onivo sekondè kote fi yo reprezante sèlman 43% efektif eskolè la nan moman bakaloreya
    • Fòmasyon teknik yo diskriminatwa
    • Kontni pedagojik yo repwodwi stereyotip jan yo
    • Yon pi gran to analfabetis kote fanm yo, ki depase nan zòn riral yo 65%
  • 9. Inegalite jan an Ayiti nan domèn lasante: EKITE JAN
    • Fanm yo pa gen sifizaman aksè pou jwenn enfòmasyon ak fòmasyon sou dwa repwodiktif yo
    • Yon fèb to itilizasyon kontraseptif yo (13,2%)
    • Yon politik piblik an matyè repwodiksyon ki pa ekitab
    • Yon rekonesans trè limite dwa repwodiksyon yo, pa egzanp dwa avòtman
    • To mòtalite matènel reprezante 475/100 000
    • Fanm yo pa gen sifizan aksè nan sèvis matènite yo
    • Feminizasyon ak rajènisman SIDA
    • Yon fòt ensidans vyolans ki fèt sou fanm yo; yon politik piblik trè fèb
  • 10. Inegalite jan an Ayiti nan domèn politik la: EKITE JAN
    • Yon fèb patisipasyon fanm yo nan eleksyon yo
    • Yon diskriminasyon fanm yo anndan fonksyon piblik la; fanm yo sitou nan pòs administratif yo, mwens de 1/3 pòs desizyon yo okipe pa fanm
    • Yon prezans minoritè fanm yo nan pòs nòminatif yo
    • Yon trè fèb reprezantasyon fanm yo anndan pati politik yo
    • Yon fèb priz an chaj tematik jan nan pwogram ak diskou politik yo
    MCFDF, Elements de la condition et des situations des femmes en Haïti , juillet 2006 Sous:
  • 11. POUTAN, fanm yo reprezante 52% popilasyon peyi a! Povrete ak diskriminasyon fanm yo gen yon enfliyans sou kapasite devel ò pman yon peyi. Si mwatye peyi a pa patisipe nan tout sa k ap fèt ladann, peyi a ap toujou mache yon bò epi li p ap janm devlòpe tout bon!
  • 12. 2. ANN KONPRANN KOTE INEGALITE JAN YO SÒTI: DIFERANS ANT JAN AK SÈKS
    • JAN
    • SÈKS
    • INEGALITE JAN
    EKITE JAN
  • 13. Jan = EKITE JAN Sèks = Sèks pa egal jan. Jan pa egal fanm. Karakteristik ke sosyete a detèmine Karakteristik ki detèmine biyolojikman Mal la Femèl la Pwodiktif + Bouboun Natirèl, nou fèt ak li Diferans fizik Li pa chanje Feminen (fi) Maskilen (gason) Pijon Repwodiktif - Sosyokiltirèl, ou aprann li Relasyon inegal Li ka chanje
  • 14.
    • Jan :
    Fason yon sosyete defini wòl, rèskonsabilite, dwa, opòtinite, mòd konpòtman, atitid, kwayans ak valè ki asosye ak gason osnon fanm yo. Karakteristik sa yo chanje atravè letan epi yo varye selon diferan kontèks sosyokiltirèl yo. Nou jwenn yo atravè yon pwosesis konstriksyon sosyal nan diferan nivo: leta, travay, lekòl, medya, lalwa, lafanmi ak relasyon ant moun yo. EKITE JAN
  • 15. Diferans ak inegalite onivo wòl fi ak wòl gason yo - an fonksyon konteks sosyoekonomik, istorik, politik, kiltirèl oubyen relijye a - chita sou baz diferans biyolojik yo ant fi ak gason. Poutan diferans seksyèl la pa konstitye epi pa jistifye inegalite ant fi ak gason yo. Lè konteks sosyokiltirèl la kreye yon idantite pou chak sèks, se konsa yon sistèm jan konstwi ki transfòme diferans yo an inegalite. Inegalite jan yo se pa yon diferans objektif ki sòti nan diferans biyolojik yo ant fi ak gason, li sòti nan yon konstriksyon sosyal epi olye li baze sou kapasite reyèl yon moun.
    • Inegalite jan :
    EKITE JAN
  • 16. 3. EGALITE JAN, EKITE JAN, TRANSVÈSALITE EKITE JAN… KISA SA YE?
    • EGALITE JAN
    • EKITE JAN
    • TRANSVÈSALITE EKITE JAN
    EKITE JAN
  • 17.
    • Egalite jan =
    Gason ak fi gen kondisyon egal pou reyalize tout dwa ak potansyèl yo genyen pou kontribye nan evolisyon politik, ekonomik, sosyal ak kiltirèl peyi a. Egalite jan pa vle pou fi ak gason yo vin idantik men pou yo gen menm chans ak opòtinite nan lavi. Adopte mezi pou rekonpanse dezavantaj istorik ak sosyal ki te anpeche fi ak gason benifisye chans egal. Ekite jan se chimen ki mennen nan egalite jan. Egzanp: Fè fòmasyon lidèchip ak fanm yo se yon mezi ekite jan.
    • Ekite jan =
    EKITE JAN
  • 18. EKITE JAN
  • 19.
    • Transvèsalite ekite jan =
    • Ekite jan prezan nan tout domèn dentèvansyon (transvèsalite owizontal) epi tou nan tout nivo òganizasyonèl ak ènstitisyonèl (transvèsalite vètikal)
    • Li èmplike ke nan chak aksyon nou mennen epi nan chak estrikti òganizasyonel nou mete sou pye, nou toujou gade kijan nou ka favorize plis ekite ak egalite ant fanm ak gason yo.
    EKITE JAN
  • 20. EKITE JAN 4. KAD LEGAL LA
    • KONSTITISYON AYISYEN 1987
    • DEKLARASYON INIV ÈSÈL DWA MOUN
    • KONVANSYON SOU ELIMINASYON TOUT F ÒM DISKRIMINASYON SOU FANM YO (CEDEF)
    • KONVANSYON ENTÈAMERIKEN POU PREVANSYON, SANKSYON AK ELIMINASYON VYOLANS FÈT SOU FANM YO/BELEM DO PARA
    • DEKR È 6 JIYÈ 2005 KI MODIFYE REJIM VYÒL AK ELIMINE DISKRIMINASYON KONT FANM YO
  • 21. EKITE JAN
    • Konstitisyon ayisyen 1987 :
    Atik 17 “ Tout Ayisyen, fi kou gason, moun marye ak moun ki pa marye, kapab sèvi ak dwa sivil yo oubyen dwa politik yo, depi yo deja gen dizwit lane, e depi yo swiv tout kondisyon ki nan konstitisyon ak nan lwa peyi a.” Atik 18: “ Tout Ayisyen egal ego devan lalwa, an wetan yon seri avantaj, Ayisyen natif natal yo genyen, depi yo pa te janm tounen sitwayen yon lòt peyi.” Atik 19: “ Leta dwe degaje l, tout jan, tout mannyè, pou tout Ayisyen jwenn lavi, lasante ak respè tout moun gen dwa jwenn, jan sa pale nan Deklarasyon Nasyonzini te fè sou dwa tout kretyen vivan.” Atik 28: “ Tout Ayisyen gen dwa di sa yo panse, lib, jan yo pito.” 
  • 22. Atik 32-1: “ Lekol gratis pou tout sitwayen, se reskonsablite leta ak kolektivite teritoryal yo ki dwe veye tou pou tout pwofesè yo kit se nan leta, kit se nan lekòl prive yo ye byen prepare.” Atik 32-6: “ Tout moun ki kapab gen dwa rive fè gwo etid, aprè etid segondè, selon sa li merite san pa gen okenn moun pa.” … EKITE JAN
  • 23. EKITE JAN
    • Deklarasyon inivèsèl dwa moun:
    Atik 1 : “ Tout moun sou tè a fèt lib, egalego an diyite, an dwa. Yo genyen bonjan rezon ak bonjan konsyans epitou yo dwe viv youn ak lòt tankou frè ak sè. ” Atik 2 “ Chak moun sou tè a kapab jwi dwa ak libète Deklarasyon sa a, san ankenn diferans, ni sou ras, ni sou koulè po, ni si moun nan se fanm oubyen gason, ni sou lang moun pale, ni sou relijyon, ni sou opinyon politik oubyen tout lòt fason pou moun panse, ni nan ki nasyon oubyen nan ki klas sosyal yo sòti, ni sou riches yo genyen, ni nan ki kondisyon paran yo te fè yo, epitou nenpòt ki lòt sitiyasyon. ” …
  • 24. EKITE JAN
    • Konvansyon sou eliminasyon tout fòm diskriminasyon sou fanm yo (CEDEF)
    • Se premye dokiman entènasyonal ki pale sou dwa fanm yo onivo politik, ekonomik, sosyal ak kiltir è l. Li konsidere kòm Deklarasyon Iniv è s è l Dwa Fanm yo
    • Konvansyon siyen pa Ayiti 18 jiyè 1980, li ratifye jou 7 avril 1981
    • Definisyon diskriminasyon kont fanm yo:
    • “ Tout aksyon ak pwatik, tout konpòtman baze sou s è ks ak objektif ekskli fanm nan - kit li se jèn fi, fanm selibatè, fanm marye, fanm divòse, oubyen vèv. Fanm yo dwe jwi menm dwa ak gason yo nan domèn politik, ekonomik, sosyal, kiltirèl ak sivil.”
  • 25. EKITE JAN
    • Konvansyon entèameriken pou prevansyon, sanksyon ak eliminasyon vyolans fèt sou fanm yo/ Belem Do Para :
    • Objektif li se anpeche vyolans fèt sou fanm, pini moun ki komèt zak sa yo.
    • Ayiti siyen konvansyon sa a nan dat 3 avril 1996.
    • Atik 1
    • “ Vyolans kont fanm se: tout zak vyolans oubyen move konpòtman ki fèt kont fanm nan poutèt li se fanm , kit se nan lavi prive, kit se nan kad lòt aktivite l ak ki lakòz fanm nan mouri , li domaje, li soufri nan kò li oubyen nan lespri l.”
    • Atik 2
    • “ Vyolans kont fanm lan gen ladan l : vyolans fizik, vyolans seksyèl, vyolans sikolojik, vyolans ekonomik.”
  • 26. EKITE JAN
    • Dekrè 6 jiyè 2005 ki modifye rejim vyòl ak elimine diskriminasyon kont fanm yo:
    Vyòl la vin tounen yon krim « Tout kadejak oubyen tout agresyon seksyèl, ki te gen tan reyalize ou selman eseye fèt ak vyolans, anba menas, ak sipriz oubyen anba presyon kont yon fanm oubyen yon gason, li pini ak 10 ane prizon. »
  • 27. Genre et Développement / GED
    • KONTEKS: analiz chanjman sosyal
    5. APW ÒCH JAN & DEVLÒPMAN
    • YON ESTRATEJI ki pèmèt entegre preyokipasyon jan yo nan
    • analiz yo
    • planifikasyon ak fòmilasyon mezi politik yo
    • pwogram ak pwojè devlòpman yo
    EKITE JAN
  • 28.
    • chèche fè pwomosyon pou yon egalite ant sèks yo nan aktivite devlòpman yo
    Jan ak devlòpman, yon apwòch ki:
    • fè pwomosyon sou valè egalite jan nan tout domèn kote gen gwo diferans ant fi ak gason:
    • - divizyon travay la
    • - aksè nan resous ak sèvis yo
    • - kontw ò l resous ak benefis yo
    • - pouvwa desizyonèl la
    • pa fokis sèlman sou fanm ak gason yo men ki chèche transfòmasyon rapò ant fi ak gason yo yon fason ki pi egal
    EKITE JAN
  • 29.
    • pa vle majinalize gason yo men ki vle elaji patisipasyon fanm yo nan tout nivo
    • pa vle transfòme fi yo an gason men ki vle asire ke aksè nan resous yo endepandan sèks yon moun genyen
    Jan ak devlòpman, yon apwòch ki: EKITE JAN
  • 30. Devlòpman sosyete a pa ka fèt nan kondisyon inegalite ki vin chak jou pi gran ant fi ak gason, li p ap ka fèt si pa gen plis ekite ant fanm ak gason ak yon pi gran patisipasyon pou fanm yo DAWN, Development Alternatives for Women in a New Area Egalite ant fanm ak gason se yon kesyon dwa moun ak yon kondisyon pou jistis sosyal; li yon faktè endispansab ak fondamantal pou etabli egalite, devlòpman ak lapè. Yon nouvo patnaya ki baze sou egalite ant fanm ak gason se yon kondisyon pou yon devlòpman dirab. Katryèm konferans mondyal sou fanm yo, 1995 EKITE JAN
  • 31. Eleman pou n konsidere: 6. JAN & DEVLÒPMAN ÒGANIZASYONÈL
    • divizyon travay la
    • 3 diferan fòm travay: pwodiktif, repwodiktif ak kominotè
    • aksè ak kontwòl resous yo
    • faktè ènflyans
    • kondisyon ak sitiyasyon yo
    • bezwen pratik ak bezwen estratejik yo
    • nivo patisipasyon
    • posibilite pou transfòme reyalite a
    • konsèp empowerment - ranfòse kapasite yo
    EKITE JAN
  • 32. Kondisyon : aspè materyèl yon moun: travay l ap fè, bezwen li genyen pou li ak fanmi li Entère èstratejik yo : fè referans ak pozisyon enferyè nan sosyete a, enterè a lon tèm ki gen pou objektif amelyore sityasyon medam yo pwojè ki vize bezwen estratejik yo enkli aktivite konsyantizasyon, edikasyon, konsolidasyon òganizasyon fanm yo, mobilizasyon politik … Sitiyasyon: pozisyon sosyal ak ekonomik fanm yo pa rapò a gason yo (aksè pou jwenn travay, patisipasyon nan lavi politik, vilnerabilite pa rapò a povrete ak vyolans) Bezwen pwatik yo: fè referans ak kondisyon lavi, nesesite imedya yo nan yon kònteks detèmine : dlo, lojman, alimantasyon, revni ak swen lasante, … pwojè yo ki vize bezwen pwatik yo: pwogram kredi, ponp dlo, klinik, fòmasyon teknik, ekipman, ... EKITE JAN
  • 33. E ndikatè seksospesifik yo : EKITE JAN % gason % fi Patisipasyon nan aktivite yo Patisipasyon nan fòmasyon yo Patisipasyon nan aktivite sansibilizasyon sou ekite jan Jesyon enfòmasyon anndan òganizasyon an Patisipasyon nan pran desizyon yo Patisipasyon nan fè swivi ak kontwòl aktivite yo Jesyon resous ekonomik yo … …
  • 34. Kèk eleman pou yon analiz jan onivo òganizasyon èl :
    • Ki opòtinite òganizasyon a bay fanm yo - gason yo?
    • Ki pousantaj fi ak gason ki manm? Ki pousantaj nan yo fè pati komite a? Ki jan wòl yo distribye ant fi ak gason anndan òganizasyon an jeneral, anndan komite a (kòdònatè/tris, sekretè, trezorye/è, pòt pawòl elatriye) ?
    • Ki faktè sosyal oubyen kiltir èl kap frennen patisipasyon fanm yo - gason yo? Kijan nou ankouraje patisipasyon fanm yo - gason yo malgre obstak sa yo?
    • Kijan nou konsidere relasyon ant fanm ak gason yo? Eske pawòl yon fanm gen menm valè ak pawòl yon gason? Ki moun kap pran inisyatif, pwopoze aktivite yo?
    EKITE JAN
  • 35. 7. EKITE JAN… SA NOU PANSE? KI KOTE NOU YE NOU MENM? EKITE JAN
  • 36. MÈSI ! Kontak: KRÒS/Kòdinasyon Rejyonal Òganizasyon Sides crosehaiti@yahoo.fr Wout Zoranje, Jakmèl, Ayiti Fòmasyon an ekite jan: Ilse Roels [email_address] KROS EKITE JAN